Lik 16

Haitian Contemporary Version

1 Jezi di disip li yo: — Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l jan jeran an ap gaspiye tout byen l yo.

2 Li rele jeran an, li di li: Kisa m tande y'ap di sou ou konsa? Vin fè regleman travay ou avè m, paske mwen p'ap kite byen m yo sou kont ou ankò.

3 Jeran an di nan kè l: Patwon an pral kase m nan djòb sa a. Kisa m pral fè kounyeya? Mwen pa gen fòs pou mal travay latè. Epi se va yon wont pou mal mande charite!

4 Bon, mwen konn sa m pral fè pou lè m pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m lakay yo.

5 — Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la?

6 Li reponn: Mwen dwe l san (100) bidon lwil. Mesye di l: Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit.

7 Apre sa, li di yon lòt. Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Mesye di l: Men papye ou la, ekri katreven.

8 — Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a.

9 Jezi di yo ankò: — Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an.

10 Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, l'a kenbe l nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay nonplis.

11 Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo?

12 Si ou pat sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sa k pou ou a?

13 — Pèsonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou li rayi yonn si li renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, epi l'ap meprize lòt la. Nou pa ka ap sèvi Bondye epi lajan anmemmtan.

14 Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan.

15 Lè sa a Jezi di yo: — Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè.

16 — Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li.

17 Men, l'ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a pèdi valè li.

18 — Si yon nonm kite ak madanm li pou l marye ak yon lòt, nonm sa a fè adiltè. Lè yon mari kite madanm li, si yon lòt nonm marye ak madanm lan, nonm sa a fè adiltè tou.

19 — Vwala, se te yon nonm rich. Li te konn biye ak bèl twal koute chè. Chak jou se te gwo banbòch lakay li.

20 Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak maleng.

21 Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap sòti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche maleng li yo tou.

22 — Pòv la vin mouri, zanj yo mennen li bay Abraram. Nonm rich la mouri tou, yo antere li.

23 Pandan l te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li.

24 — Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlo pou l mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a.

25 Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Kounyeya, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri.

26 Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y'al jwenn ou, osinon pou moun ta sòti kote ou ye a pou vin jwenn nou.

27 — Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen.

28 Mwen gen senk frè. Mwen ta vle l'al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a.

29 Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo.

30 Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo.

31 Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pèsonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.

chevron_left Cap. 15 16 de 24 Cap. 17 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis