Sòm Capítulo 113
Haitian Contemporary Version
1
Lwanj pou Senyè a! Nou menm k'ap sèvi Senyè a, fè lwanj li!
2
Se pou nou nonmen non l depi kounyeya epi pou tout tan tout tan.
3
Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Senyè a!
4
Senyè a donminen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.
5
Pa gen tankou Senyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.
6
Li bese je l pou l wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.
7
Li bay pòv malere a men pou fè l leve sòti nan pousyè a. Li wete l nan mizè.
8
Li fè l chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
9
Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l kontan lakay li, li ba l pitit. Lwanj pou Senyè a!
Referenciado por 18
Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0
Versículo do Dia
"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."
— Salmo 119:105
Ver versículo completo →Salve seus versículos, junte-se à sua congregação
Cadastre-se grátis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol