Sòm Capítulo 114
Haitian Contemporary Version
1
Lè pèp Izrayèl la te sòti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,
2
Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l.
3
Lè Lanmè Wouj la wè l, li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
4
Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
5
Kisa k pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisa k rive ou kifè ou sispann koule?
6
Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?
Referências cruzadas
Sl 29:6
7
Ou menm latè, tranble devan Senyè a, devan Bondye Jakòb la.
8
Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.
Referenciado por 9
Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0
Versículo do Dia
"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."
— Salmo 119:105
Ver versículo completo →Salve seus versículos, junte-se à sua congregação
Cadastre-se grátis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol