Sòm Capítulo 12
Haitian Contemporary Version
1
(2) Vin sove nou non, Senyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!
2
(3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
3
(4) Senyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.
4
(5) Y'ap plede di: — Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?
5
(6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Senyè a di: M'ap vini kounyeya. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
6
(7) Pawòl Senyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou netwaye li.
7
(8) Ou menm, Senyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!
8
(9) Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.
Referenciado por 20
Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0
Versículo do Dia
"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."
— Salmo 119:105
Ver versículo completo →Salve seus versículos, junte-se à sua congregação
Cadastre-se grátis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol