Sòm Capítulo 129
Haitian Contemporary Version
1
(1b) Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
2
Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pat janm rive mete pye sou kou nou.
4
Men, Senyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
5
Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.
6
Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.
7
Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.
Referenciado por 9
Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0
Versículo do Dia
"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."
— Salmo 119:105
Ver versículo completo →Salve seus versículos, junte-se à sua congregação
Cadastre-se grátis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol