Sòm Capítulo 82
Haitian Contemporary Version
1
(1b) Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.
2
Li di: — Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
3
Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!
4
Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
5
Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò!
6
Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.
7
Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.
8
Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.
Referenciado por 20
Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0
Versículo do Dia
"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."
— Salmo 119:105
Ver versículo completo →Salve seus versículos, junte-se à sua congregação
Cadastre-se grátis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol