Sòm Chapitre 129
Bible en Créole Haïtien (BSA)
1
“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen. Kite Israël di koulye a:
2
“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen.
3
Labourè yo te laboure chan yo sou do m. Yo fè tranch tè yo vin pi long.”
4
SENYÈ a dwat. Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout.
5
Ke tout sila ki rayi Sion yo vin wont! Ke yo retounen fè bak menm.
6
Kite yo vin tankou zèb sou kay la; zèb ki fennen avan li grandi,
7
jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l, oubyen sila ki mare pote pake a, pa p ka plen lestomak li.
Référencé par 6
Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0
Verset du Jour
"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."
— Psaume 119:105
Voir le verset complet →Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation
S'inscrire gratuitement arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol