Levitik 19

Haitian Contemporary Version

1 Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

2 — Pale ak tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la. W'a di yo: Se pou nou viv apa pou mwen paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye apa.

3 Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

4 Pa janm vire do ban mwen pou n'al sèvi zidòl. Piga nou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi nou bondye. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

5 Lè n'ap touye bèt pou fè ofrann pou di Senyè a mèsi, se pou nou fè l jan mwen mande l la pou m ka asepte l nan men nou.

6 Se pou nou manje vyann bèt yo ofri ban mwen an menm jou a, osinon nan denmen. Men, sou twazyèm jou a, tout sa ki rete nan vyann lan, se pou nou boule l.

7 Paske si nou manje l sou twazyèm jou a, se yon manje gate li ye! Senyè a p'ap asepte l nan men nou.

8 Se poutèt sa, tout moun ki va manje yon vyann konsa ap gen pou peye pou sa li fè. Paske li pa respekte bagay yo konsakre pou mwen, moun konsa se pou wete yo nan mitan pèp mwen an.

9 Lè n'ap ranmase rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atè.

10 Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

11 Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti.

12 Piga nou pran non m pou fè sèman pou twonpe moun. Si nou fè sa, se derespekte n'ap derespekte non Bondye nou an. Se mwen menm ki Senyè a!

13 Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye li lajan li. Piga nou voye li pou denmen.

14 Piga di ni fè mechanste sou moun soud. Piga ou mete okenn bagay sou chemen avèg pou fè li tonbe. Se pou nou gen krentif pou mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

15 Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv, ni piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san paspouki.

16 Pa nou fè kouri fo bri sou moun menm ras ak nou. Piga nou kanpe pou fè touye moun menm ras ak nou san rezon. Se mwen menm ki Senyè a.

17 Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa lapoula. Konsa yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.

18 Piga nou tire revanj sou pèsonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Senyè a!

19 Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman.

20 Lè yon moun te gentan pwomèt vann yon esklav fi bay yon nonm pou madanm, men lòt nonm lan poko peye pou esklav la, ni li menm li poko ba li libète l, si li kouche fi a, se pou yo pini yo san yo pa bezwen touye yo, paske fanm lan te esklav li toujou.

21 Nonm lan va mennen yon belye mouton devan pòt Tant Randevou a, l'a ofri l bay Senyè a pou peye pou sa l fè a.

22 Prèt la va pran belye mouton an, l'a fè sèvis pou l mande Bondye gras pou peche li te fè a epi Bondye va padonnen l sa.

23 Lè n'a antre nan peyi Kanaran an, apre n'a fin plante tout kalite pyebwa ki ka donnen, n'a konsidere rekòt twa premye lanne yo tankou bagay ki pa bon pou nou manje. Pandan twazan, piga nou manje anyen nan rekòt la.

24 Lè katriyèm lanne a vin rive, n'a pran tout rekòt katriyèm lanne a, n'a ofri l ban mwen, mwen menm Senyè a, pou nou moutre jan nou genyen m rekonesans.

25 Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

26 Piga nou manje okenn vyann ak san li. Piga nou ni nan maji ni nan chache konnen lavni nou denmen. Piga nou nan etidye zetwal pou chache konnen sa ki pral rive sou latè.

27 Piga nou koupe pafouten nou raz, ni piga nou taye pwent bab nou,

28 piga nou make kò nou avèk kout kouto, ni piga nou fè desen ak lank sou kò nou. Se mwen menm ki Senyè a!

29 Piga nou avili pitit fi nou yo pou nou voye yo fè jennès nan tanp zidòl yo. Si nou fè sa, tout peyi a va vire al jwenn zidòl yo. Lè sa a, tout moun va lage kò yo nan fè sa ki mal.

30 Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Senyè a!

31 Piga n'al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

32 Toujou leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Senyè a!

33 Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi a ansanm ak nou.

34 Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pat peyi pa nou! Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

35 Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit.

36 N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lonn, bon mezi. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip!

37 Se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Se pou nou swiv yo. Se mwen menm ki Senyè a!

chevron_left Cap. 18 19 de 27 Cap. 20 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis