Levitik 9

Haitian Contemporary Version

1 Sou uityèm jou a, apre yo fin ak sèvis konsekrasyon pou Bondye a, Moyiz rele Arawon ak pitit gason li yo ansanm ak tout chèf fanmi tout pèp Izrayèl la.

2 Epi li di Arawon konsa: — Pran yon jenn ti towo san okenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa nou fè ki mal, ak yon belye mouton san okenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou nou boule nèt pou Senyè a. Ofri yo bay Senyè a.

3 Apre sa, w'a mande moun pèp Izrayèl yo pou yo pran yon bouk san okenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a, yon ti towo san okenn enfimite ki gen ennan ak yon ti mouton san okenn enfimite ki gen ennan ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa pèp la fè ki mal.

4 Lèfini, y'a pran yon towo ak yon belye pou sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. Y'a ofri yo tout bay Senyè a ansanm ak ofrann grenn ki sot nan jaden yo melanje ak lwil. Y'a fè sa paske Senyè a pral parèt devan yo jòdi a.

5 Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Senyè a.

6 Lè sa a Moyiz di yo: — Senyè a te bay lòd pou nou te fè tou sa pou li ka fè nou wè pouvwa li.

7 Apre sa, Moyiz di Arawon konsa: — Pwoche bò lotèl la, fè yon ofrann pou peye pou tou sa ou fè ki mal, ak yon ofrann pou ou boule nèt pou Senyè a. Apre sa w'a fè menm bagay pou pèp la. Wi, mete ofrann pèp la devan Bondye, mande Bondye pou l fè yo gras, jan Senyè a te bay lòd la.

8 Se konsa Arawon pwoche bò lotèl la, li touye ti towo bèf li te bay pou ofrann pou peye pou sa li te fè ki mal.

9 Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la.

10 Lè l fini, li pran grès la, wonyon yo, mas grès ki te sou fwa a, li mete yo boule sou lotèl la jan Senyè a te bay Moyiz lòd la.

11 Pou vyann lan ak po a, li boule yo nan dife andeyò lòt bò limit kote yo rete a.

12 Apre sa, Arawon touye bèt li te ofri pou boule nèt pou Senyè a. Pitit li yo pote san an ba li, li vide l sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.

13 Yo pote ba li tou tèt la ansanm ak rès vyann lan dekoupe, epi li mete yo boule sou lotèl la.

14 Li lave tripay yo ansanm ak pye yo. Lèfini li mete yo boule sou lotèl la anwo vyann yo t'ap boule pou Senyè a.

15 Apre sa, Arawon mete ofrann pèp la devan Sènyè a: li pran bouk pèp la te ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la, li touye l epi li ofri l bay Senyè a pou peche pèp la, jan l te fè l pou pa l la.

16 Apre sa, li fè ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a, dapre regleman yo.

17 Li mete ofrann grenn jaden yo devan Senyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l sou lotèl la, anplis ofrann ki t'ap boule depi maten an.

18 Li touye towo a ak belye a, li ofri yo tankou ofrann pèp la fè pou di Bondye mèsi. Pitit li yo pote san an ba li, li vide san an sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.

19 Apre sa, Arawon pran tout moso grès towo a ak moso grès belye a, ke yo, grès ki vlope zantray yo, mas fwa yo, grès ki kouvri wonyon yo.

20 Li mete yo yonn sou lòt sou de moso pwatrin yo, epi li pote tout grès yo, li mete yo boule nèt sou lotèl la.

21 Men, li pran moso pwatrin yo ak jigo dwat yo, li balanse yo devan Senyè a tankou yon ofrann, jan Moyiz te ba li lòd fè a.

22 Arawon leve men, li beni pèp la. Lè li fin fè sakrifis pou peche a, sakrifis yo boule nèt la, sakrifis pou pwosperite a, li desann.

23 Moyiz ak Arawon antre anndan Tant Randevou a. Lè yo sòti, yo beni pèp la ankò. Se lè sa a pouvwa Senyè a parèt devan je pèp la.

24 Yon dife rete konsa, li sòti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.

chevron_left Cap. 8 9 de 27 Cap. 10 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis