Levitik 7
Haitian Contemporary Version
1 Men regleman pou yo swiv lè moun ap fè ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y'a mete apa nèt pou Senyè a.
2 Y'a touye bèt pou ofrann sa a sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule yo. Y'a voye san an sou kat bò lotèl la.
3 Y'a wete tout pati sa yo: ke a, grès ki vlope tripay yo,
4 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm avèk mas grès ki sou fwa a, l'a ofri yo sou lotèl la pou Senyè a.
5 Prèt la va boule tout pati sa yo sou lotèl la tankou yon ofrann yo boule pou Senyè a. Se yon ofrann pou repare sa moun fè ki mal.
6 Tout gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan li. Se pou yo manje li kote ki apa pou Bondye a. Paske se yon ofrann ki konsakre nèt pou Bondye.
7 Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan.
8 Po bèt y'a ofri pou boule pou Bondye a va rete pou prèt ki fè ofrann lan.
9 Tout ofrann fèt ak grenn ki sòti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a.
10 Tout ofrann grenn danre yo moulen, kit ak lwil, kit san lwil, se pou pitit Arawon yo.
11 Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l mèsi:
12 Si yon moun ap fè ofrann sa a pou di Bondye mèsi, l'a ofri ba li gato san ledven, ti pen plat san ledven epi pat farin fri nan grès.
13 Konsa tou, l'a ofri avèk bèt pou yo touye a pen kwit ak ledven.
14 L'a pran yonn nan chak kalite pen yo, l'a ofri yo espesyalman bay Senyè a. Pen sa yo va rete pou prèt ki va pran san bèt la pou voye sou lotèl la.
15 Kanta pou vyann bèt la, se pou yo manje tout menm jou yo touye li a. Yo pa fèt pou kite anyen pou denmen maten.
16 Si yon moun pote yon ofrann remèsiman bay Bondye paske li vle kenbe ve li fè, osinon paske se vle li vle fè yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gendwa kite rès pou denmen.
17 Men vyann ki rete pou twazyèm jou a, se pou yo boule yo.
18 Menm goute si yo goute ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte li. Ofrann lan ap nil. Vyann lan fezande. Moun ki manje li a gen pou yo peye sa.
19 Si yon bagay ki pa bon pou fè sèvis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l nonplis. Se pou yo boule l nan dife. Tout moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a ka manje nan vyann lan.
20 Si yon moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a manje nan vyann yo ofri bay Senyè a, se pou yo mete l deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
21 Si yon moun manje nan vyann yo ofri bay Senyè a apre li fin manyen yon bagay ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se nenpòt lòt bagay, se pou yo mete l deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
22 Senyè a pale ak Moyiz, li di l ankò:
23 — Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo: Piga nou janm manje grès bèf, grès kabrit osinon grès mouton.
24 Nou pa fèt pou nou manje grès bèt ki rete konsa li mouri mò natirèl li, ni grès bèt yon bèt nan bwa touye, men nou gendwa sèvi ak grès la pou nou fè nenpòt lòt bagay nou vle.
25 Lè yon moun manje grès yon zannimo yo te ofri pou boule pou Senyè a, se pou yo mete l deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
26 Nenpòt ki kote nou ye, piga nou janm manje san zwazo, ni san okenn lòt bèt.
27 Si yon moun rive manje san nenpòt ki bèt, se pou yo mete l deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
28 Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
29 — Men sa w'a di moun pèp Izrayèl yo. Lè yon moun ap fè yon ofrann pou bay Bondye remèsiman, se pou li pran yon pòsyon ladan li ki va sèvi tankou yon ofrann espesyal pou Senyè a.
30 L'a pote l ak men l pou yo boule l pou Senyè a. L'a pote grès bèt la ansanm ak tout pwatrin lan pou yo ka balanse yo tankou yon ofrann devan Senyè a.
31 Prèt la va boule grès la sou lotèl la. Men pwatrin lan va rete pou Arawon ak pitit li yo.
32 N'a pran jigo dwat bèt li te ofri pou di Bondye mèsi a, n'a bay prèt la li pou li prezante l tankou yon ofrann devan Senyè a.
33 Konsa, prèt ki ofri san ak grès bèt yo te touye pou bay Bondye remèsiman an, li va resevwa jigo dwat la pou li.
34 Pwatrin bèt la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Senyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Senyè a. Se Senyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan.
35 Se pòsyon sa yo pou yo pran nan ofrann yo fè pou boule pou Senyè a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou sèvi prèt pou Senyè a.
36 Jou sa a, se Senyè a menm ki te bay pèp Izrayèl la lòd pou yo bay prèt yo pòsyon sa yo nan ofrann lan. Sa se yon regleman pou pèp Izrayèl la toujou swiv de pitit an pitit.
37 Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou yo boule pou Senyè a, lè y'ap fè ofrann grenn danre ki soti nan jaden yo, lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san fè espre, ofrann pou lè y'ap konsakre prèt yo bay Bondye.
38 Se Senyè a menm ki te bay Moyiz regleman sa yo, sou mòn Sinayi nan mitan dezè a, jou li te mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ofrann ba li.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol