1 Samyèl 11
Haitian Contemporary Version
1 Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: — Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.
2 Men, Nakach reponn yo: — M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont.
3 Chèf lavil Jabès la di li: — Ban nou sèt jou pou nou voye mesaje bay tout pèp la nan tout peyi Izrayèl la. Si pa gen pèsonn pou sove nou, lè sa a n'a rann tèt nou ba ou.
4 Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesay la, tout moun pete rele byen fò.
5 Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bèf li yo. Li mande sa ki genyen, poukisa tout moun t'ap rele konsa. Yo di l sa moun lavil Jabès yo te vin di yo.
6 Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè.
7 Li pran de bèf, li rache yo fè moso, epi li voye mesaje pote moso vyann yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: — Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe tèt bèf yo tankou bèf sa a. Senyè a voye yon sèl lapèrèz sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil.
8 Sayil sanble yo bò lavil Bezèk pou l pase yo enspeksyon: Te gen twasan mil (300.000) sòlda ki te moun pèp Izrayèl ak trantmil (30.000) ki te moun fanmi Jida.
9 Yo rele mesaje ki te sòti lavil Jabès yo, yo di yo: — Men sa n'a di moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad: Denmen, vè midi, n'a vin delivre nou. Lè moun lavil Jabès yo resevwa mesay la yo te kontan anpil.
10 Yo voye di Nakach: — Denmen n'ap rann tèt nou ba ou. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avèk nou.
11 Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pat mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn.
12 Lè sa a, pèp Izrayèl la di Samyèl konsa: — Kote moun ki t'ap di Sayil pa ka wa nou? Lage yo nan men nou pou nou touye yo.
13 Men, Sayil di yo konsa: — Nou p'ap touye pèsonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Senyè a delivre pèp Izrayèl la.
14 Epi Samyèl di yo: — Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lè n'a rive la, n'a fè seremoni pou renmèt li pouvwa a.
15 Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Senyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol