1 Samyèl 21
Haitian Contemporary Version
1 David ale lakay Akimelèk, prèt la, nan lavil Nòb. Akimelèk sòti vin kontre l, li te tou ap tranble. Li di l konsa: — Poukisa ou vin pou kont ou, san moun avè ou?
2 David reponn li: — Wa a voye m regle yon bagay pou li. Li di m pa kite pèsonn konnen sa li voye m fè a. Pou moun ki avè m yo, mwen ba yo randevou yon kote.
3 Bon, kounyeya, kisa ou gen la a pou moun manje? Ban m senk pen ou nenpòt lòt sa ou genyen.
4 Prèt la di li: — Mwen pa gen pen òdinè la a non. Sèl sa mwen genyen, se pen konsakre pou Bondye. Mwen ka ba ou yo si ou konnen mesye ou pa nan anyen ak fanm depi kèk tan.
5 David reponn li: — Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap sòti ak mesye m yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal.
6 Se konsa prèt la pran pen konsakre ba li. Paske se sèl sa li te genyen se pen yo ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fèk wete yo sou tab la devan Senyè a pou yo te mete lòt pen fre.
7 Men jou sa a, Doèg, yon moun peyi Edon, yonn nan domestik Sayil yo, te la tou, paske li te gen yon bèt pou l te ofri pou Senyè a. Se li ki te chèf tout gadò mouton Sayil yo.
8 David di Akimelèk ankò: — Eske ou gen yon frenn osinon yon nepe la a ou ka ban mwen? Paske, wa a te ban m lòd pou m te pati prese prese, mwen pat gentan pran ni nepe mwen, ni okenn lòt zam.
9 Akimelèk di li: — Mwen gen nepe Golyat, sòlda Filisti ou te touye nan Fon Bwadchenn lan. Men li la dèyè Bwat kontra a, li vlope nan yon moso twal. Si ou vle l, ou mèt pran l. Se sèl zam ki gen isit la. David di li: — Ban mwen li non! Pa gen pi bon pase l.
10 Lèfini, David pati, li sove pou Sayil, l'ale lakay Akich, wa lavil Gat la.
11 Moun wa Akich yo di wa a konsa: — Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t'ap chante lè yo t'ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil!
12 Pawòl sa yo te aji anpil sou David. Li vin pè Akich, wa lavil Gat la.
13 Li pran pòz moun fou li devan yo tout. Li aji tankou yon moun fou lè yo mete men sou li. Li pran fè grabji ak dwèt li sou pòt yo, li kite bave koule sou tout bab li.
14 Lè sa a, Akich di moun li yo: — Nou pa wè se yon moun fou? Poukisa nou mennen l ban mwen?
15 Mwen pa gen kont moun fou avè m deja? Poukisa nou mennen sa a ankò vin plede fè tenten andedan lakay mwen an?
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol