Kantik 3
Haitian Contemporary Version
1 Pandan plizyè nwit, m kouche sou kabann mwen, m chache moun mwen renmen anpil la. M chache l, mwen pa jwenn li.
2 Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M chache l, mwen pa jwenn li.
3 Gad k'ap fè patouy nan vil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè mesye mwen pou mwen, Mesye mwen renmen an wi?
4 Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l. Mwen pa lage l jouk mwen mennen l kay manman m, nan chanm moun ki te pote m nan vant li an.
5 Nou menm, medam lavil Jerizalèm, Tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf, Sou tèt fenmèl kabrit ki lage nan savann yo. Pa deranje anmourèz mwen lè l'ap dòmi. Pa reveye li anvan lè.
6 Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.
7 Gade! Se yon kabann divan y'ap pote pou Salomon. Gen swasant sòlda k'ap eskòte l, swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la.
8 Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe. Se vyewo yo ye nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo. Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit.
9 Wa Salomon fè fè yon bèl divan sou branka pou li ak pi bon bwa peyi Liban,
10 Poto kwen yo fèt ak lajan. Tèt divan an kouvri ak lò. Matla a kouvri ak bèl twal kramwazi, Tout anndan an bwode. Se medam Jerizalèm yo ki, ak tout kè yo, fè li pou li.
11 Sòti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l te mete soutèt li jou maryaj li, jou kè l te kontan anpil la.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol