Kantik 5

Haitian Contemporary Version

1 M antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti negès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m, mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lanmou nou jouk nou sou!

2 Mwen t'ap dòmi, men kè m' t'ap veye. Mwen tande mennaj mwen k'ap frape nan pòt la. Louvri pou mwen, tanpri, Tanpri djal mwen, fiyanse mwe, Toutrèl mwen, bèl negès mwen! Seren tranpe tout tèt mwen. Tout cheve mwen plen lawouze.

3 Mwen gentan wete rad sou mwen, Ou ta vle m mete rad sou mwen ankò? M gentan lave pye m. Ou ta vle m mete yo atè ankò?

4 Mennaj mwen pase men l nan twou pòt la. Tout san nan kò m mache.

5 Lamenm, mwen leve pou m louvri pou mennaj mwen. Sant lami a te sou tout men m. Li t'ap degoute nan dwèt mwen sou kwòchèt pòt la.

6 Lè mwen louvri pòt la pou li, li te gentan al fè wout li. Jan m te santi m ap mouri lè m te tande l ap pale a! M chache l, m pa jwenn li! M rele l, li pa reponn!

7 Gad k'ap fè patwouj nan tout lavil la kontre avè m. Yo bat mwen, yo toufounen m! Gad ki t'ap fè faksyon sou miray ranpa yo pran gwo manto ki te sou mwen an.

8 Nou menm, medam Jerizalèm yo, Tanpri, tanpri souple! Si nou kontre mennaj mwen, di li, Di li pou mwen: mwen malad damou!

9 Ou menm ki pi bèl pase tout fanm, kisa mennaj ou genyen pase lòt gason? Wi, kisa li genyen lòt gason pa genyen, pou ou mande nou fè sa pou ou?

10 Mennaj mwen bèl gason, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil nèg.

11 Figi li jòn tankou lò fen. Cheve nan tèt li tankou fèy palmis nan van. Yo nwa tankou kònèy.

12 De je nan tèt li, ou ta di de ti pijon arebò rigòl dlo je nan tèt li, ou ta di de ti pijon arebò rigòl dlo, Ou ta di de ti pijon nwa k'ap benyen nan de bòl lèt.

13 De bò figi l yo tankou de jaden plen zèb ak flè santi bon! Bouch li tankou flè savann ki gen bon sant.

14 Bra li, ou ta di chenn lò, Bèl chenn lò ak yon dal ti pyè topaz plake sou li. Kò li, ou ta di yon bèl moso wòch mab blan byen poli, ki kouvri ak bèl pyè ble.

15 Janm li yo, ou ta di de poto mab byen kanpe sou de moso lò bon kalite. Lè ou gade l, li tankou mòn Liban, li kanpe tankou gwo pye sèd Liban yo.

16 Bouch mennaj mwen bay gou siwomyèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen ye, Se konsa zanmi mwen an ye, medam Jerizalèm yo!

chevron_left Cap. 4 5 de 8 Cap. 6 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis