Jeremi 21

Haitian Contemporary Version

1 Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l yon sèvis.

2 Yo di l: — Tanpri, pale ak Senyè a pou nou, paske Nebikadneza, wa Babilòn lan, ap fè nou lagè. Ou pa janm konnen! Senyè a ka fè ankò pou nou yonn nan mirak li yo pou fòse Nebikadneza vire do l al fè wout li.

3 Lè sa a, Senyè a pale ak Jeremi. Lèfini, Jeremi di mesye yo: — Men sa n aval di wa Sedesyas pou mwen:

4 Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nebikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la.

5 Se mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouray mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè.

6 Mwen pral touye tout moun ki rete nan lavil sa a. Mwen pral voye yon gwo maladi sou tout moun ak sou tout bèt pou yo mouri.

7 Apre sa, - se mwen menm Senyè a ki di sa - m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki sòti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pèsonn, yo p'ap pran priyè.

8 Lèfini, w'a di pèp la men sa mwen menm, Senyè a, mwen di: Mwen pral mande nou pou nou chwazi ant lavi ak lanmò.

9 Tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri nan lagè, osinon anba grangou, ou ankò maladi pral fini ak yo. Men, tout moun ki va sòti al pote tèt yo bay moun Kalde k'ap sènen nou yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo nan batay la.

10 Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Mwen pral lage l nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l ratè.

11 Men sa w'a di moun ki lakay wa peyi Jida a: — Koute pawòl Senyè a.

12 Nou menm ki sòti nan branch fanmi wa David la, men sa Senyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.

13 Nou menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an, tankou gwo wòch nan mitan yon plenn, mwen menm Senyè a, mwen pral regle nou. N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou, pa gen moun ki ka antre kote n kache a.

14 Men m'ap pini nou pou sa nou fè. M'ap mete dife nan gwo bèl kay bwa nou yo. Dife a pral boule tou sa ki bò kote yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

chevron_left Cap. 20 21 de 52 Cap. 22 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis