Jeremi 25
Haitian Contemporary Version
1 Senyè a te bay Jeremi yon mesay sou pèp peyi Jida a, nan katriyèm lanne reny wa Jojakim, pitit Jozyas, nan peyi Jida. Lè sa a, Nebikadneza te nan premye lanne li depi li te wa peyi Babilòn.
2 Men mesay pwofèt Jeremi te bay tout pèp peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo:
3 — Depi trèzyèm lanne reny wa Jozyas, pitit Amon, nan peyi Jida rive jòdi a, sa fè venntwazan depi Senyè a ap pale avè m, venntwazan depi m'ap pale ak nou san rete, nou pa vle koute m.
4 Senyè a pa janm sispann voye pwofèt li yo, sèvitè l yo, ban nou. Men nou pa vle koute yo, nou derefize louvri zòrèy nou pou nou tande yo.
5 Yo te di nou pou nou manyè kite vye chemen nou t'ap swiv yo, pou nou manyè sispann fè sa ki mal. Konsa, nou ta ka viv toujou nan peyi Senyè a te ban nou an, peyi li te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan an.
6 Pwofèt yo di nou: Pa kouri dèyè lòt bondye, pa fè sèvis pou yo, pa mete ajenou devan yo. Pa sèvi zidòl nou fè ak men nou pou Senyè a pa fache. Konsa, si nou obeyi Senyè a li p'ap pini nou.
7 Men, se Senyè a menm ki di sa, nou derefize koute l. Nou fè l fache ak zidòl nou fè ak men nou. Se konsa nou rale malè sou tèt nou.
8 Se poutèt sa, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Paske nou pa koute m lè m pale nou,
9 mwen pral voye chache tout moun nan nò yo ak sèvitè mwen Nebikadneza, wa Babilòn. Se mwen menm, Senyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ladan li, ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
10 M'ap fè yo p'ap tande moun ap pran plezi yo la. Yo p'ap tande vwa moun ki gen kè kontan. Yo p'ap tande y'ap fete moun marye. M'ap fè p'ap gen grenn pou moulen, p'ap gen gaz pou lanp.
11 Tout peyi a pral kraze tounen mazi, yon dezè. Nasyon ki nan vwazinay yo pral sèvi wa Babilòn lan pandan swasanndizan.
12 Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l tounen mazi pou tout tan.
13 M'ap voye sou peyi Babilòn lan tout malè mwen te di m'ap voye yo, tou sa pwofèt Jeremi te fè konnen nan non mwen sou nasyon yo, jan sa ekri nan liv sa a.
14 Yo menm tou moun Babilòn yo, anpil lòt nasyon ak gran wa va fè yo tounen esklav. M'ap fè yo peye pou tou sa yo fè.
15 Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m: — Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m. Pran li, pote l bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè.
16 Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo.
17 Se konsa, mwen pran gode a nan men Senyè a, mwen pote l bay tout moun nan tout peyi kote Senyè a te voye m lan, mwen fè yo bwè ladan l.
18 Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l jouk kounyeya.
19 Men moun mwen fè bwè nan gode a tou: Farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak sòlda li yo, chèf li yo ak tout pèp li a,
20 tout ras moun ki rete bò solèy kouche yo ansanm ak tout wa peyi Ouz yo, tout wa nan peyi Filisti yo: wa lavil Askalon, wa lavil Gaza, wa lavil Ekwon, wa ki rete nan lavil Asdòd,
21 moun peyi Edon, moun peyi Mowab ak moun Amon yo,
22 tout wa peyi Tir yo, wa peyi Sidon ak wa tout peyi ki lòt bò lanmè Mediterane a,
23 moun lavil Dedan, moun lavil Teman ak moun lavil Bouz, ansanm ak tout moun ki koupe cheve nan tèt yo kout,
24 tout wa peyi Arabi yo, tout wa ki rete nan dezè bò solèy kouche a,
25 tout wa Zimri yo, tout wa Elam yo ak tout wa Medi yo,
26 tout wa ki sou bò nò yo, sa ki lwen yo ak sa ki pre yo, yonn apre lòt. Tout nasyon ki sou latè gen pou bwè ladan l. Apre yo tout, se va tou pa wa lavil Babilòn lan pou l bwè ladan l tou.
27 Apre sa, Senyè a di m konsa: W'a di yo men lòd Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a.
28 Si yo ta rive refize pran gode a nan men ou pou yo pa bwè ladan l, w'a di yo: Senyè ki gen tout pouvwa a di wè pa wè se pou yo bwè l.
29 Premye kote m'ap konmanse fè malè, se va lavil yo mete apa pou mwen an. Atò, se nou menm ki pou pa ta resevwa pinisyon nou? Non, nou p'ap chape, paske mwen pral voye lagè sou tout moun sou latè. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
30 Ou menm, Jeremi, se pou ou fè yo konnen tou sa mwen di ou. W'a di yo: — Senyè a rete anwo nan syèl la, l'ap gwonde. Li rete nan kay ki apa pou li a, l'ap pale byen fò. L'ap gwonde anwo pèp li a. L'ap rele tankou moun k'ap kraze rezen. Li move sou tout moun ki rete sou latè.
31 Bri a rive nan zòrèy moun toupatou sou latè. Senyè a gen yon kont pou l regle ak nasyon yo. Li rele yo tout nan tribinal. L'ap fè touye tout moun ki antò. Se Senyè a menm ki di sa.
32 Senyè ki gen tout pouvwa a di: — Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute sòti nan bout latè.
33 Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Senyè a pral touye. P'ap gen pèsonn pou kriye pou yo, pèsonn pou ranmase yo atè a, pèsonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a.
34 Nou menm chèf ki reskonsab pèp la, rele anmwe, woule kò nou atè. Lè a rive pou yo koupe tèt nou. Yo pral gaye nou. Nou pral tonbe atè. Nou pral kraze tankou bèl potich ki koute chè.
35 P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon.
36 Y'ap tande chèf yo ap rele, y'ap tande yo ap rele anmwe, paske Senyè a pral ravaje peyi yo.
37 Tout bèl peyi yo pral tounen mazi, paske Senyè a move anpil.
38 Tankou yon lyon ki kouri kite twou li, tout moun ap mete deyò. Peyi a pral tounen yon dezè apre lagè san manman sa a, apre gwo kòlè Senyè a.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol