Jeremi 26

Haitian Contemporary Version

1 Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, te fenk moute wa nan peyi Jida. Senyè a pale ak Jeremi ankò.

2 Men sa Senyè a di l: — Ale kanpe nan lakou Tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki sòti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Senyè a. Pa wete anyen.

3 Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide.

4 Konsa, w'a di yo: Men mesay Senyè a bay: Koute m, swiv lòd mwen mete devan nou.

5 Louvri zòrèy nou tande mesay pwofèt yo, sèvitè m yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo.

6 Si nou pa koute yo, m'ap kraze Tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.

7 Prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo tande Jeremi ap bay mesay sa a nan lakou Tanp lan.

8 Fini Jeremi fin bay mesay Senyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: — Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a!

9 Poukisa ou pran non Senyè a pou ou di li pral kraze Tanp sa a menm jan li te detwi kote yo te mete apa pou li lavil Silo a, li pral fè lavil la tounen mazi, san pèsonn ladan l? Tout pèp la sanble bò kote Jeremi nan Tanp Senyè a.

10 Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan Tanp lan, y'al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la.

11 Prèt yo ak pwofèt yo pale ak chèf yo ansanm ak pèp la, yo di: — Nonm sa a merite pou yo touye l paske li pale lavil Jerizalèm lan mal. Nou tout la a, nou tande l ak pwòp zòrèy nou.

12 Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: — Se Senyè a ki voye m pou m fè nou konnen tou sa nou sot tande m di la a sou Tanp lan ak sou lavil la.

13 Kounyeya, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Senyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an.

14 Mwen menm, mwen nan men nou. Fè sa nou vle avè m, sa nou kwè nou dwe fè a.

15 Tansèlman, si nou touye m, konnen se lanmò yon inonsan n'ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m'ap di nou la a, se vre wi, se Senyè a menm ki voye m pou m fè nou tande tout pawòl sa yo.

16 Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: — Pa gen anyen la a pou n touye nonm sa a. Paske se nan non Senyè a, Bondye nou an, li pale ak nou.

17 Apre sa, kèk chèf fanmi kanpe epi yo di moun ki te sanble yo:

18 — Sou reny Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesay sa a: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.

19 Lè sa a, eske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Senyè a, yo mande l pou l gen pitye pou yo. Se konsa Senyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Kounyeya, nou sòti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen.

20 Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat-Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.

21 Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip.

22 Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache mesye.

23 Yo pran Iri nan peyi Lejip, yo mennen li bay wa a. Li fè yo touye li. Lèfini, yo antere li nan menm fòs yo antere endijan yo.

24 Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pat kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l.

chevron_left Cap. 25 26 de 52 Cap. 27 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis