2 Kwonik 12

Haitian Contemporary Version

1 Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Senyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou.

2 Paske moun yo te vire do bay Senyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute vin atake lavil Jerizalèm nan senkyèm lanne reny wa Woboram,

3 avèk mildesan (1.200) cha lagè, swasantmil (60.000) kavalye ak yon kantite sòlda moun pat ka konte ki te moute avè l sòti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letyopi nan lame a.

4 Li pran tout vil ak gwo ranpa peyi Jida yo jouk rive Jerizalèm.

5 Chichak t'ap pwoche sou lavil la, lè Chemaya, pwofèt la, al jwenn Woboram ak tout chèf peyi Jida yo ki te reyini lavil la, li di yo konsa: — Men sa Senyè a voye di nou. Menm jan nou te lage m lan, se konsa m'ap lage nou tou nan men Chichak.

6 Wa a ansanm ak chèf yo rekonèt yo te fè sa ki mal: — Senyè a gen rezon l nan pla men l!

7 Lè Senyè a wè jan yo rekonèt tò yo, li pale ak Chemaya ankò, li di l konsa: — Paske yo rekonèt yo pat dwe fè sa yo fè a, mwen p'ap detwi yo nèt. Men, lè Chichak va atake, m'ap ba yo chans pou yo chape kò yo. Mwen p'ap sèvi ak Chichak pou m fè moun lavil Jerizalèm yo santi jan m fache sou yo.

8 Men, Chichak pral fè yo soumèt devan l. Lè sa a, y'a wè sèvi m ak sèvi chèf sou latè sa ki pi dous.

9 Wa Chichak atake Jerizalèm. Li pran tout trezò ki te nan Tanp lan ak nan palè wa a. Li pran ata gwo plak pwotèj lò Salomon te fè fè yo.

10 Fwa sa a, Wa Wobowam fè fè gwo plak pwotèj kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo bay chèf gad ki t'ap fè pòs nan palè a.

11 Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo al pran gwo plak pwotèj yo pote vini. Lè l ale, yo pote yo tounen nan chanm gad yo.

12 Paske Woboram te rekonèt li pat dwe fè sa l te fè a devan Senyè a, kòlè Senyè a bese, li pa fini nèt avè l. Men pou di vre, te gen bon bagay ki te pase nan peyi Jida lè sa a tou.

13 Woboram te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disetan lavil Jerizalèm, lavil Senyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama.

14 Woboram te fè sa ki mal, paske li pat chache fè volonte Senyè a.

15 Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram.

16 Lè Woboram mouri, yo antere l nan lavil David la. Se Abija, pitit gason li, ki pran plas li sou fòtèy la.

chevron_left Cap. 11 12 de 36 Cap. 13 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis