2 Kwonik 25

Haitian Contemporary Version

1 Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm.

2 Amasya te fè sa ki dwat devan Senyè a, men pa ak tout kè li.

3 Lè Amasya fin chita otorite l, li fè touye chèf lame ki t'ap sèvi avè l yo epi ki te touye papa l.

4 Men li pat manyen pitit ansasen sa yo, paske dapre sa ki ekri nan Liv lalwa Moyiz la, Bondye te bay lòd sa a: Nou pa gendwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gendwa touye yon pitit pou krim papa l te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè.

5 Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chèf alatèt chak rejiman mil sòlda ak yon chèf alatèt chak divizyon san sòlda. Li fè konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fè kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil (300.000) sòlda ki te pi bon nan sèvi ak zam, ki te pare pou fè lagè, ki te gen ladrès pou sèvi ak frenn ak gwo plak pwotèj.

6 Lèfini, li pran sanmil (100.000) vanyan sòlda nan peyi Izrayèl, li peye yo chak twasan (300) kilo ajan pou yo goumen pou li.

7 Men yon pwofèt Bondye vin di li: — Monwa, pa pran sòlda peyi Izrayèl sa yo ak ou nan lame a, paske Senyè a pa avèk moun peyi Izrayèl yo, avèk bann pitit Efrayim sa yo.

8 Paske si ou konprann ou ka ranfòse lame ou la avèk moun sa yo pou ou al fè lagè, Bondye ap fè ou bese tèt devan lènmi ou yo, paske se Bondye ki gen pouvwa pou fè ou genyen osinon pou fè ou pèdi batay la.

9 Amasya mande pwofèt Bondye a: — Bon, sa k'ap rive twa san kilo ajan sa yo mwen deja bay sòlda peyi Izrayèl yo? Pwofèt la reponn li: — Senyè a ka renmèt ou plis pase sa!

10 Se konsa Amasya fè sòlda li te fè vini soti nan peyi Efrayim mete kò yo sou kote, sòlda sa yo tounen lakay yo byen move.

11 Amasya mete gason sou li, li mennen lame li a nan Fon Sale a kote li touye dimil (10.000) moun mòn Seyi.

12 Sòlda peyi Jida yo fè dimil (10.000) prizonye met sou sa. Yo pran yo, yo mennen yo sou tèt yon falèz, yo lage yo anba kote yo mouri kraze.

13 Men, sòlda Amasya te voye tounen lakay yo pou yo pa ale nan lagè ansanm avè l yo, anvayi lavil peyi Jida yo, depi lavil Samari rive lavil Bètowon. Yo touye twamil (3.000) moun, yo pran yon pakèt bagay pote ale.

14 Lè Amasya t'ap tounen, apre li fin kraze moun peyi Edon, li pran bondye moun mòn Seyi yo avèk li. Li fè yo tounen bondye pa li. Li sèvi yo, li boule lansan pou yo.

15 Senyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l konsa: — Poukisa kounyeya ou pran sèvi bondye yon pèp ki pat ka sove pèp sa a anba men ou?

16 Amasya koupe l lapawòl, li di li: — Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l t'ap di a, men li di: — Kounyeya mwen konnen Bondye pran desizyon pou l fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen.

17 Men Amasya, wa peyi Jida a, koute konsèy lòt moun, li voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li di l: — Vini non! Ann wè sa ki pi fò!

18 Men, Jowas voye reponn li: — Yon jou, yon pye pikan sou mòn Liban voye misyon bay yon pye sèd. Li di li: Bay pitit gason mwen an pitit fi ou la pou li marye avè li. Yon bèt bwa pase bò la, li kraze pye pikan an.

19 Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, kounyeya, ou kite lògèy vire tèt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a?

20 Men Amasya derefize koute l. Paske se te volonte Bondye pou l te lage l nan men Joas poutèt li te pran sèvi bondye pèp Edon yo.

21 Se konsa Joas sòti ak lame li pou l al goumen ak Amasya bò lavil Bètchemès, nan peyi Jida.

22 Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gaye, yo kouri al lakay yo.

23 Joas, wa peyi Izrayèl la, fè Amasya, pitit Joas, pitit pitit Joakaz, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemès. Lèfini, li mache sou lavil Jerizalèm. Li kraze miray lavil la sou yon longè ki pran depi nan pòtay Efrayim lan rive jouk bò pòtay Kwen an. Sa te fè antou 180 mèt nan miray la.

24 Li pran dènye bagay lò ak bagay lajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Senyè a sou kont Obèd-Edon, ak richès ki te nan palè a, san konte kantite moun li te fè prizonye pou garanti. Apre sa, li tounen tounen li lavil Samari.

25 Amasya, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la.

26 Tout rès istwa Amasya a, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, tou sa ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.

27 Depi lè Amasya te lage pye Senyè a, yo t'ap fè konplo sou do l lavil Jerizalèm. Bout pou bout, li kouri al kache lavil Lakis. Men, yo voye dèyè l jouk lavil Lakis, yo pran l, yo touye l.

28 Lèfini yo pote kadav li sou chwal lavil Jerizalèm. Yo antere l nan tonm wa yo nan lavil David la.

chevron_left Cap. 24 25 de 36 Cap. 26 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis