2 Kwonik 14
Haitian Contemporary Version
1 Lè Abija mouri, yo antere l lavil David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou reny Asa, peyi a viv ak kè poze pandan dizan.
2 Asa te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Senyè a, Bondye l la.
3 Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete.
4 Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Senyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo.
5 Li fè disparèt tout kote yo te konn fè sèvis pou lòt bondye yo ansanm ak lotèl pou boule lansan pou yo nan dènye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout reny li, peyi a t'ap viv ak kè poze.
6 Pandan tout tan sa a, peyi a pat nan dezòd, ni li pat nan fè lagè ak pèsonn, paske Senyè a te ba li chans viv ak kè poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo.
7 Li di moun peyi Jida yo: — Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Senyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l.
8 Wa Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil (300.000) sòlda moun branch fanmi Jida ki te gen plak pwotèj ak frenn, plis desankatreven mil (280.000) sòlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotèj ak banza pou voye flèch. Yo tout te vanyan sòlda.
9 Yon moun peyi Letyopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan (300) cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha.
10 Asa sòti ak lame pa l la al kontre avè l. De lame yo pran pozisyon nan fon Zefata a, toupre Marecha.
11 Asa lapriyè Senyè a, Bondye li a, li di l konsa: — Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou kounyeya, Senyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Senyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pèsonn pa ka kenbe tèt avè ou!
12 Se konsa, Senyè a fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letyopi a. Lame Letyopi a kouri met deyò.
13 Men Asa ak sòlda li yo kouri dèyè yo jouk lavil Gera. Yo touye sòlda lame Letyopi yo, yo pa kite yonn ladan yo chape. Senyè a te kraze yo tout ak lame li a. Lame a pran yon pakèt bagay lènmi yo te kite.
14 Lèfini, yo detwi tout ti bouk ki te nan zòn Gera a, paske moun la yo te pè Senyè a anpil. Lame Jida a piye lavil yo. Yo pote anpil anpil bagay ale paske moun sa yo te gen anpil byen.
15 Yo atake gadò mouton yo anba tant yo. Yo pran yon bon valè mouton ak chamo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol