Detewonòm 10

Haitian Contemporary Version

1 Apre sa, Senyè a di m': Travay wòch fè de tablo tankou de premye yo. Pran planch fè yon bwat, mete yo ladan li. Moute vin jwenn mwen sou mòn lan.

2 Mwen pral ekri sou wòch yo tou sa mwen te ekri sou wòch ou te kraze yo. Lèfini, w'a depoze yo nan bwat la.

3 Se konsa, mwen fè yon bwat ak bwa akasya, mwen travay wòch fè de tablo tankou de premye yo epi mwen moute sou mòn yo ak yo nan men mwen.

4 Senyè a make dis pawòl li te ekri premye fwa a sou tablo yo, dis kòmandman Senyè a te ban nou antan li te nan mitan dife a, jou nou tout nou te reyini nan pye mòn lan. Apre sa, li ban mwen yo.

5 Mwen desann sòti nan mòn lan. Mwen mete wòch plat yo nan bwat mwen te fè a, jan Senyè a te ban mwen lòd la, epi se la yo rete depi lè sa a.

6 Moun pèp Izrayèl yo kite pi Benèy-Jakan yo, yo pati pou Mosera. Se la Arawon te mouri. Se la tou yo antere l. Se Eleaza, pitit li a, yo te mete prèt nan plas li.

7 Yo kite kote yo te ye a, yo pati pou Goud Goda, epi yo rive Jobata, yon kote ki te gen anpil dlo.

8 Se lè sa a Senyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Senyè a, pou yo ka kanpe devan l fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l, jan y'ap fè l jouk kounyeya.

9 Se poutèt sa, moun branch fanmi Levi yo pat resevwa okenn pòsyon tè pou rele yo pa yo menm jan ak moun lòt branch fanmi yo paske se Senyè a ki tout byen yo, jan Senyè a, Bondye nou an, te di l la.

10 Mwen menm, mwen rete karant jou, karant nwit sou mòn lan, jan mwen te fè l premye fwa a. Fwa sa a ankò, Senyè a koute m, li te dakò pou l pa detwi nou.

11 Lè sa a, li di m konsa: Leve non. Pati, pran devan pèp la. Mennen yo al pran pou yo peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt yo a.

12 Kounyeya, nou menm pèp Izrayèl, men sa Senyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.

13 Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a.

14 Gade non! Se pou Senyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l lan ye.

15 Men, pami tout ras moun ki sou latè yo, se zansèt nou yo li te pi pito, paske li te renmen yo. Apre yo, se nou menm, pitit yo, li pi pito nan mitan tout lòt ras moun, jan sa ye jouk kounyeya.

16 Se poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Senyè a. Sispann fè wòklò ak li,

17 paske Senyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l avèk kado y'ap ofri ba li.

18 L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.

19 Se pou nou renmen moun lòt nasyon sa yo tou paske yon lè se sa nou te ye nan peyi Lejip la.

20 Se pou Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l. Se nan non l ase pou nou fè sèman.

21 N'a fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou.

22 Lè zansèt nou yo te desann nan peyi Lejip, yo te swasanndis moun sèlman. Kounyeya, Senyè a, Bondye nou an, fè nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.

chevron_left Cap. 9 10 de 34 Cap. 11 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis