Detewonòm 25

Haitian Contemporary Version

1 Lè yon kont pete nan mitan nou, moun ki gen kont yo va ale lajistis pou yo jije ka a. Y'a bay sa ki gen rezon an rezon, sa ki gen tò a tò.

2 Si sa ki gen tò a merite bat, jij la va fè l kouche plat atè, epi, la devan je l, la fè yo ba li kantite kou li merite pou sa l fè a.

3 Nou pa janm gendwa depase karant kou. Si nou ba li plis, nou ka pini l twòp. Lè sa a, n'a avili l devan tout moun.

4 Nou pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou.

5 Lè de frè rete ansanm nan menm kay, si yonn ladan yo rive mouri san li pa kite pitit, madanm defen an pa ka al marye ak yon moun ki pa nan fanmi an. Se va devwa bòfrè a pou l'al jwenn vèv la pou l marye ak li.

6 Premye pitit gason madanm lan va fè a va pote non frè ki mouri a pou non l pa pèdi nan peyi Izrayèl la.

7 Men, si nonm lan pa vle marye ak bèlsè li a, bèlsè a va moute nan tribinal bò pòtay lavil la, epi la di chèf fanmi yo: Bòfrè mwen an derefize fè devwa l. Li pa vle konsève non frè li nan peyi Izrayèl la. Li refize marye avè m, jan lalwa peyi a mande l fè l la.

8 Lè sa a, chèf fanmi ki nan lavil la va fè rele nonm lan vin jwenn yo epi y'a pale avè l. Si li derefize marye avèk bèlsè a,

9 bèlsè a va mache sou li, devan tout chèf fanmi yo, l'a wete yon grenn sapat nan pye nonm lan, l'a krache nan figi l, epi l'a di: — Men sa ki pou rive yon nonm ki refize bay frè li yon pitit.

10 Nan peyi Izrayèl la, y'a rele fanmi nonm sa a: fanmi nonm grenn sapat la.

11 Si pandan de gason nan moun Izrayèl yo ap goumen, madanm yonn nan yo pwoche pou l sove mari l anba men lòt k'ap bat li a, epi li lonje men l, li kenbe lòt lan nan pati li,

12 se pou nou san pitye pou li: koupe men an lapoula.

13 Nou pa gendwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon,

14 ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon.

15 N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.

16 Paske Senyè a deteste moun k'ap fè lenjistis konsa.

17 Pa janm bliye sa Amalèk te fè nou lè nou te sou wout nou ap sòti nan peyi Lejip.

18 Yo pat gen krentif Bondye. Yo vin kontre nou sou chemen nou. Lè sa a nou te bouke, kò nou te kraze, epi yo pase pa dèyè, yo touye tout moun ki t'ap trennen dèyè yo.

19 Se poutèt sa, lè Senyè a, Bondye nou an, va ban nou lapè ak tout lènmi sa yo ki antoure nou toupatou nan peyi l'ap ban nou pou rele nou pa nou an, se pou nou touye tout moun Amalèk yo pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo ankò. Pa bliye sa!

chevron_left Cap. 24 25 de 34 Cap. 26 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis