Detewonòm 28

Haitian Contemporary Version

1 Si nou koute Senyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Senyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.

2 Wi, si nou koute Senyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:

3 Senyè a va beni nou lavil kou andeyò.

4 Senyè a va beni pitit nou yo, rekòt jaden nou yo, pòte bèf nou yo, pòte kabrit nou yo, pòte mouton nou yo ak pòte tout lòt bèt nou yo.

5 Senyè a va beni tout rekòt nou ak tout sa n'ap manje.

6 Senyè a va beni nou nan tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.

7 Senyè a va fè nou kraze tout lènmi ki va atake nou. Lè y'ap vin sou nou, y'a mache ansanm sou yon sèl chemen. Men, y'a gaye toupatou lè y'ap kraze rak pou nou.

8 Senyè a va beni nou tout tan, l'a beni depo manje nou, l'a beni tou sa n'ap fè. L'a beni nou nan peyi Senyè a, Bondye nou an, va ban nou an.

9 Si nou fè tou sa Senyè a, Bondye nou an, mande nou fè, si nou viv jan li vle nou viv la, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Senyè a, Bondye nou an, jan l te fè nou pwomès la.

10 Lè sa a, tout pèp sou latè va wè Senyè a te chwazi nou pou pote non l, y'a gen respè pou nou.

11 Senyè a va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Senyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.

12 L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen dekwa pou nou prete moun. Nou p'ap janm nan bezwen prete.

13 Senyè a va mete nou devan, nou p'ap janm dèyè. N'a toujou anwo, nou p'ap janm anba, depi nou swiv tout lòd Senyè a, Bondye nou an, depi nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a,

14 san nou pa janm kite chemen li mete devan nou an pou n'ale dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo.

15 Men tou, si nou pa koute Senyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:

16 Madichon Bondye va tonbe sou nou lavil kou andeyò.

17 Madichon Bondye va tonbe sou tout rekòt nou fè ak sou tout sa n'ap manje.

18 Madichon Bondye va tonbe sou pitit nou yo, sou rekòt jaden nou yo, sou pòte bèf, pòte kabrit ak pòte mouton nou yo.

19 Madichon Bondye va tonbe sou tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.

20 Si nou fè bagay ki mal, si nou vire do bay Senyè a, l'ap voye tout kalite madichon sou nou: Nou p'ap konn sa pou n fè, n'a gen kè sere nan tou sa n'ap fè jouk n'a rete konsa n'a fin disparèt nèt, paske nou te fè bagay ki mal, nou te vire do ba li.

21 Senyè a ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an.

22 L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmin ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt.

23 Syèl la p'ap bay yon degout lapli menm. Tè a va vin di kou wòch.

24 Nan plas lapli, Senyè a va fè pousyè tè ak sab kouvri nou jouk nou mouri.

25 L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.

26 Lè n'a mouri, se zwazo ak bèt nan bwa ki pral manje kadav nou yo san p'ap gen pèsonn pou pouse yo ale.

27 Senyè a va fè bouton leve sou tout kò nou, menm jan li te fè moun peyi Lejip yo, n'a gen apse, lagal, pyas, epi nou p'ap ka jwenn gerizon pou maladi po sa yo.

28 Senyè a va fè nou pèdi tèt nou, nou p'ap konprann sa n'ap fè, nou p'ap konnen kote pou n mete kò nou.

29 Gwo midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan okenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pèsonn pou pote nou sekou.

30 N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l.

31 Y'a touye bèf nou yo la devan je nou, men nou p'ap ka mete yon ti moso nan vyann li nan bouch nou. Y'ap pran bourik nou nan bab nou al avè l, yo p'ap janm renmèt nou li. Y'a bay lènmi nou yo tout mouton nou yo, epi p'ap gen pèsonn pou pote nou sekou.

32 N'a wè ak je nou y'ap pran pitit gason ak pitit fi nou yo bay moun lòt nasyon. Tout lè n'a anvi wè yo ankò, men p'ap gen anyen nou ka fè pou sa.

33 Moun nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou.

34 Lè n'a wè tout bagay sa yo rive nou, n'a pèdi tèt nou!

35 Senyè a va ban nou yon sèl maleng nan jenou ak sou kwis janm nou ki p'ap janm geri. Bouton ap parèt sou tout kò nou, depi nan pye jouk nan tèt.

36 Senyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.

37 Nan tout peyi kote Senyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.

38 N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.

39 N'a plante jaden rezen, n'a okipe yo byen. Men, nou p'ap jwenn rezen ni pou nou rekòlte, ni pou fè diven pou nou bwè, paske vèmin va fin manje tout.

40 Pye oliv va pouse toupatou nan peyi nou an, men nou p'ap gen yon ti degout lwil oliv, paske tout grenn oliv yo ap koule.

41 N'a fè pitit fi ak pitit gason, men yo p'ap pou nou, paske lènmi nou yo ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo.

42 Krikèt pral manje tout pyebwa nou yo ak tout ti plant ki nan jaden nou yo.

43 Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou va vin pi fò pase nou. Nou menm, chak jou, n'a pèdi fil.

44 Se yo menm ki va gen lajan pou yo prete nou. Nou menm nou p'ap gen anyen pou n prete yo. Se yo ki va devan, nou menm nou pral dèyè nèt.

45 Tout giyon sa yo va tonbe sou nou. Kote nou pase y'a pase dèyè nou. Y'a rete sou nou jouk y'a fini nèt ak nou. Tou sa, paske nou pat koute sa Senyè a, Bondye nou an, di nou, nou pat fè tou sa li te mande nou fè nan lòd ak regleman li te ban nou yo.

46 Madichon sa yo va sèvi ni pou nou ni pou pitit nou yo pou moutre nou kalite mèvèy ak mirak Bondye ka fè.

47 Bondye te ban nou tou sa nou te bezwen. Men malgre sa, nou pat sèvi l tout bon ak kè kontan.

48 Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Senyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Senyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou.

49 Senyè a pral mennen yon nasyon sòti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.

50 Se moun ki gen kè di. Yo p'ap respekte vye granmoun, ni yo p'ap gen pitye pou timoun.

51 Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.

52 Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.

53 Lè lènmi nou yo va sènen nou nan lavil nou yo, y'a mete nou nan yon sèl kalite mizè ak kè sere, n'a sitèlman grangou, n'a manje pwòp pitit nou yo, pitit gason ak pitit fi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou.

54 Menm moun nou konnen ki pi bon nan mitan nou an, moun ki pa janm nan kont ak pèsonn lan, enben menm li menm, l'a fèmen kè l, li p'ap konn frè, li p'ap konn madanm li te renmen an, ni okenn pitit nan sa ki rete l yo,

55 pou li pa bay pèsonn nan vyann pitit li l'ap manje a, paske ak lènmi k'ap sènen nou nan lavil nou yo, ap gen yon sèl mizè ak kè sere nan mitan lavil nou yo, ata li menm, l'a sitèlman grangou, l'a blije manje pwòp pitit li, epi li p'ap bay pèsonn ladan l.

56 Menm fanm nou konnen ki pi bon moun nan mitan nou an, fanm ki pa ta janm ap mache nan lari tèlman li gen bon jan ak bon levasyon an, li va fèmen kè l, li p'ap konn ni mari li renmen anpil la, ni pitit fi, ni pitit gason.

57 Pou li pa separe ak yo, la kache kò l pou yo pa wè l lè l'ap manje pitit li fenk fè a, ansanm ak tout manman vant lan. Paske, avèk lènmi k'ap sènen nou nan lavil nou yo, ap gen yon sèl mizè ak kè sere, p'ap gen anyen pou manje. Lè sa a, la kache kò l pou l pa bay yo anyen nan sa l'ap manje a.

58 Si nou pa swiv tout regleman ki ekri nan liv lalwa sa a, si nou pa gen krentif pou Bondye nou an, Senyè ki gen anpil pouvou a, Bondye moun fèt pou respekte a,

59 Senyè a va voye gwo malè sa yo sou nou ak sou pitit nou yo, l'a voye gwo epidemi ki pa tande rete, move maladi ki pa konn renmèd.

60 L'a voye sou nou ankò tout malè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo, malè ki te fè nou tranble yo. Nou p'ap janm ka sòti anba yo.

61 Sa ki pi rèd ankò, Senyè a va voye sou nou tout kalite epidemi ak maladi yo pa pale nan liv lalwa Senyè a jouk l'a fini nèt avèk nou.

62 Epi nou menm, moun pèp Izrayèl yo, ki te anpil tankou zetwal ki nan syèl la, n'a tounen yon ti ponyen moun, paske nou pat koute sa Senyè a, Bondye nou an, te di nou.

63 Menm jan Senyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l te fè nou byen, pou l te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l fè nou pèdi tout bagay, pou l fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.

64 Senyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pat janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.

65 Antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon sa yo, nou p'ap janm gen kè poze, nou p'ap janm ka rete yon sèl kote. Senyè a va fè nou viv ak kè sote, nan lapenn ak dekourajman.

66 Lavi nou ap toujou an danje. Lajounen kou lannwit, n'ap nan laperèz, n'ap pè pou lanmò pa pran nou.

67 Devan bagay n'a wè k'ap pase devan je nou, n'a gen yon sèl laperèz nan kè nou, kè nou va bat bip-bip! Chak maten n'a mande kilè aswè va rive. Chak aswè n'a mande kilè la jou.

68 Senyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pèsonn p'ap vle achte nou.

chevron_left Cap. 27 28 de 34 Cap. 29 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis