Detewonòm 26
Haitian Contemporary Version
1 Lè n'a rive nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou pou rele nou pa nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou pou nou rete ladan l,
2 chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fè sou tè Senyè a, Bondye li a, va ba li, la mete yo nan yon panyen, epi la pote l kote Senyè a te chwazi pou l rete nan mitan nou an.
3 L aval jwenn prèt ki desèvis lè sa a, epi la di l: — Mwen deklare jòdi a, devan Senyè a, Bondye mwen an, mwen rekonèt mwen antre nan peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt nou yo.
4 Prèt la va pran panyen an nan men li, la depoze l devan lotèl Senyè a, Bondye nou an.
5 Lè sa a, moun k'ap fè ofrann lan va pran lapawòl devan Senyè a, Bondye nou an, la fè deklarasyon sa a: — Zansèt mwen te yon moun peyi Aram ki t'ap pwonmennen mache toupatou. Yon jou, li desann nan peyi Lejip ak moun pa l yo ki pat anpil. Yo pase kèk tan nan peyi a, yo tounen yon gwo nasyon ki te fò ak anpil anpil moun ladan l.
6 Moun peyi Lejip yo tonbe maltrete nou, yo malmennen nou, yo fòse nou travay di tankou esklav.
7 Lè sa a, nou rele Senyè a, Bondye zansèt nou yo, pou l vin ede nou. Li tande lapriyè nou. Li wè nan ki mizè nou te ye, li wè tout lapenn ki te nan kè nou, li wè jan yo t'ap peze nou.
8 Senyè a fè nou sòti kite peyi Lejip la ak gwo fòs ponyèt li, li te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, bagay ki te fè moun pè anpil.
9 Apre sa, li mennen nou isit la, li ban nou bèl tè sa a, kote lèt ak siwomyèl se kou dlo.
10 Se sa ki fè kounyeya, Senyè, mwen pote ba ou pi bèl fwi nan premye rekòt ou ban mwen nan peyi a. Apre sa, nonm lan va depoze panyen an devan Senyè a, Bondye nou an, la mete ajenou devan l.
11 Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Senyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.
12 Chak twazan, n'a bay ladim, yon dizyèm nan tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout vil yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, òfelen san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka jwenn kont manje yo.
13 Lèfini, n'a parèt devan lotèl Senyè a, Bondye nou an, n'a di l: — Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m fè sou kèsyon sa a. Mwen pa bliye angen nan tou sa ou di m.
14 Mwen pa te manje ladan yo lè mwen te nan lapenn, ni lè mwen pa te nan kondisyon pou fè sèvis pou ou. Ni mwen pa te wete ladan li pou fè manje lenmò. Senyè, Bondye mwen, mwen te obeyi ou, mwen te fè tou sa ou te ban mwen lòd fè sou kesyon sa a.
15 Rete nan syèl la, nan kay ki apa nèt pou ou a, voye je ou gade pèp ou a. Beni pèp Izrayèl la ansanm ak tè ou te ban nou an dapre pwomès ou te fè zansèt nou yo. Beni peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.
16 Senyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou.
17 Jòdi a nou fè deklarasyon nou bay Senyè a: Nou di se li ki Bondye nou. Nou pwomèt pou nou toujou mache jan li vle l la, pou nou fè tou sa ki nan lwa, nan lòd ak nan regleman li yo pou nou toujou koute sa l di nou.
18 Jòdi a tou, Senyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa la mande nou fè.
19 L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Senyè a, Bondye nou an, jan l te di l la.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol