Detewonòm 16

Haitian Contemporary Version

1 Lè mas avril la rive, se pou nou fete fèt Pak la pou Senyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, bò mas avril, Senyè a, Bondye nou an, te fè nou kite Lejip.

2 Pou fèt delivrans lan, n'a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Senyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l la.

3 Lè n'ap manje vyann bèt nou touye pou mwen an, nou pa pou manje pen fèt ak ledven avè l. Pandan sèt jou, n'a manje pen fèt san ledven, pen malere, paske se prese prese nou te sòti kite peyi Lejip la. Konsa, n'a toujou chonje tout tray nou te pase jou nou t'ap sòti kite peyi Lejip la.

4 Pandan sèt jou sa yo, pèsonn nan peyi nou an pa gendwa gen ledven lakay li. Epi nan vyann nou te ofri pou mwen nan aswè premye jou a, pa kite anyen pase nwit pou denmen maten.

5 Nou p'ap gendwa touye bèt nou ofri pou delivrans lan nan okenn lavil Senyè a va ban nou pou nou rete.

6 Se va sèlman kote Senyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a n'a touye bèt delivrans lan nan aswè apre solèy fin kouche, paske se yon lè konsa nou te sòti kite peyi Lejip.

7 N'a kwit vyann bèt nou te ofri a epi n'a manje l kote Senyè a te chwazi a. Apre sa, nan maten, n'a vire do nou, n'a tounen lakay nou.

8 Pandan sis jou, n'a manje pen fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout moun pou fè gwo sèvis pou Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay.

9 N'a konte sèt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmanse rekòt grenn nan jaden nou yo.

10 Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Senyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Senyè a va ban nou nan favè li.

11 N'a fè fèt Senyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo a, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo ak vèv k'ap viv ansanm ak nou nan vil kote nou rete a.

12 N'a toujou chonje nou menm tou yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa n'a toujou obeyi tout lwa sa yo.

13 Lè n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou.

14 N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a.

15 Pandan sèt jou, n'a fè fèt pou Senyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Senyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale.

16 Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Senyè a, Bondye nou an, kote Senyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p'ap gendwa vini de men vid.

17 Men, yo chak va bay kichòy, dapre benediksyon Senyè a, Bondye nou an, va ba yo.

18 N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Senyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri.

19 Piga yo fè okenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pèsonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan.

20 Pa janm kite anyen anpeche nou rann jistis jan nou dwe fè l la. Konsa, n'a kapab viv, n'a kapab pran peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an pou nou.

21 Piga ou janm plante okenn poto wanga ni ankenn pyebwa pou sèvi repozwa bò kote lotèl n'ap bati pou Senyè Bondye nou an.

22 Piga nou janm mete wòch kanpe pou fè sèvis zidòl. Senyè a rayi vye pratik konsa.

chevron_left Cap. 15 16 de 34 Cap. 17 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis