Jòb 17
Haitian Contemporary Version
1 Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.
2 Kote m vire, se moun k'ap pase m nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m dòmi.
3 Ou mèt kwè m, Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M pa gen pèsonn lòt ki ka tope ak yo.
4 Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.
5 Pawòl la di: Ensousyan ap fè babako pou zanmi, timoun lakay li ap dòmi tèt ba.
6 Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m!
7 Mwen sitèlman nan lapenn, m pa ka louvri je m. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbray mwen pa fè!
8 Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.
9 Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan okenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.
10 Nou tout mèt vin kanpe devan m, mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.
11 Mwen fin viv! Tout plan m te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen okenn espwa ankò.
12 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.
13 Se lanmò mwen m'ap tann. Se simityè sèl ki tout espwa mwen rete
14 Mwen di tonm lan ou se papa m. Mwen di vèmin ki pral manje m yo: nou se manman m ak sè m.
15 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?
16 Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, eske m'a ka pote espwa m yo ansanm avè m?
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol