Jòb 30

Haitian Contemporary Version

1 Men kounyeya, moun ki pi jenn pase m yo ap pase m nan rizib. Papa yo se moun mwen pat pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m pou gade mouton.

2 Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouray.

3 Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.

4 Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase.

5 Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.

6 Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo.

7 Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan.

8 Se te yon bann sanzave ki pat menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a.

9 Kounyeya, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m.

10 Yo pè pwoche bò kote m pou m pa sal yo. Yo menm krache nan figi m.

11 Paske Bondye kraze kouray mwen, li lage m atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li.

12 Bann moun sa yo leve dèyè m, y'ap fè m kouri. Yo lage dèyè m pou yo pran m.

13 Yo sènen m toupatou pou yo ka fini avè m. Pa gen pèsonn pou di yo pa fè sa.

14 Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m anba pye yo.

15 Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouray mwen. Tankou yon nyaj k'ap pase, tout byen m yo disparèt.

16 Kounyeya, mwen prèt pou m mouri. Lafliksyon ap fini avè m.

17 Lannwit, tout zo nan kò m ap fè m mal. Doulè ap manje m anndan san rete.

18 Bondye ponyen m nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen.

19 Li voye mwen jete nan labou. Pousyè tè ak sann dife gen plis valè pase mwen.

20 Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m menm.

21 Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m. Ou sòti pou pèsekite m ak tout fòs ou.

22 Ou fè van pote m ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m.

23 Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m pou mal mouri, pou mal sibi sò k'ap tann tout moun lan.

24 Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon?

25 Eske mwen pat nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m pat fè m mal pou moun ki pat gen anyen menm yo?

26 Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m.

27 Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd.

28 M'ap mache kagou, san pèsonn pou konsole m. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou.

29 Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize.

30 Po m vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m nan zo.

31 Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, kounyeya, se plenn, se kriye ase m'ap tande.

chevron_left Cap. 29 30 de 42 Cap. 31 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis