Jòb 37

Haitian Contemporary Version

1 Lè konsa, kè m ap bat. M santi l'ap rache.

2 Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!

3 Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè.

4 Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loray la gwonde ak fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw.

5 Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.

6 Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe.

7 Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l.

8 Tout bèt antre nan twou. Y'al kache kò yo nan nich.

9 Van tanpèt sòti nan sid. Van frèt sòti nan nò.

10 Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas.

11 Zèklè yo ap fè yan nan nyaj yo. Nyaj yo klere byen lwen.

12 Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.

13 Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l pou pini moun, li voye l pou beni yo tou.

14 Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.

15 Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nyaj yo?

16 Eske ou konnen ki jan nyaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l fòk ou gen anpil ladrès.

17 Lè van cho ki sòti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.

18 Eske ou ka ede Bondye louvri nyaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?

19 Fè m konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l.

20 Mwen pa mande pou m pale ak Bondye. Poukisa pou m ba li okazyon pou li touye m?

21 Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nyaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò.

22 Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.

23 Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.

24 Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.

chevron_left Cap. 36 37 de 42 Cap. 38 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis