Jòb 40

Haitian Contemporary Version

1 Senyè a pale ak Jòb. Li di l konsa:

2 — Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li kounyeya?

3 Jòb reponn Senyè a, li di l konsa:

4 — Mwen pat konn sa m t'ap di. Kisa pou m reponn ou? Se fèmen pou m fèmen bouch mwen.

5 Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m di ankò.

6 Senyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l:

7 — Kounyeya, kanpe! Mete gason sou ou! Mwen pral poze ou kèsyon, se pou ou reponn mwen.

8 Eske ou sòti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?

9 Eske ou gen menm fòs avè m? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m?

10 Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!

11 Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouray yo!

12 Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a!

13 Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.

14 Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo.

15 Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l, menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf.

16 Tout fòs li, se nan ren l. Tout kouray li, se nan venn vant li.

17 Ke l kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul.

18 Zo l yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè.

19 Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l la sèlman ki ka fè l bat ba.

20 Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo.

21 Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo.

22 Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l.

23 Larivyè ap desann, sa pa di l anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kèpòpòz.

24 Ki moun ki ka pete je l pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l ak yon fwenn bwa.

chevron_left Cap. 39 40 de 42 Cap. 41 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis