Jòb 23

Haitian Contemporary Version

1 Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:

2 — Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l.

3 Si m te ka konnen kote pou m jwenn li, mwen ta rive kote l ye a.

4 M ta defann kòz mwen devan li. M ta di l dènye sa ki nan lide m pou defann tèt mwen.

5 M ta konnen jan l'ap reponn mwen, m ta tande sa l'ap di m.

6 Eske Bondye ta pral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m? Non. Li ta rete koute m ase.

7 Li ta wè moun k'ap pale avè l la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m lan, li ta rekonèt mwen inonsan.

8 M'ale bò solèy leve, Bondye pa la. M'ale bò solèy kouche, mwen pa wè l tou.

9 Mwen moute nan nò al chache l, m pa wè l. Mwen desann nan sid, bichi!

10 Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m, la wè m bon tankou bon lò ki pase nan dife.

11 M mache pye pou pye dèyè l. M swiv chemen li mete devan m lan. M pa janm devire ni adwat ni agòch.

12 Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l, mwen pa fè sa m te gen nan tèt mwen.

13 Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l fè sa li vle fè a?

14 L'ap toujou fè m sa li vle fè m lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.

15 Se poutèt sa, m'ap tranble devan l. Lè m chonje sa, mwen sòti pè l.

16 Men wi, se Bondye k'ap kraze kouray mwen. Se Bondye menm mwen sòti pè. Se pa fènwa a.

17 Fènwa a kache Bondye pou m pa wè l. L enpoze m santi prezans li. Se tout!

chevron_left Cap. 22 23 de 42 Cap. 24 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis