Ezekyèl 15
Haitian Contemporary Version
1 Senyè a pale avè m ankò: Li di m konsa:
2 — Ras Adan! Kisa bwa rezen an genyen ki fè li pi bon pase bwa tout lòt pyebwa ou ka jwenn nan rak?
3 Eske li ka ba ou bwa pou fè anyen? Eske yo ka fè pikèt kwòk avè l pou pandye bagay?
4 Li ka sèvi pou limen dife ase. Dife a boule de bout li yo ansanm ak mitan an. Apre sa, ou pa ka fè anyen avè l ankò.
5 Li pa t'ankò boule, yo te tou pa ka fè anyen avè li. Koulyeya, dife fin boule li, se pi rèd ankò.
6 Se poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la di: Menm jan yo pran yon bwa pye rezen nan mitan yon rakbwa, yo jete l nan dife pou boule l, se sa menm mwen pral fè ak moun lavil Jerizalèm yo.
7 M'ap kenbe tèt ak yo. Yo te chape anba dife a yon fwa, men se dife k'ap boule yo. Lè m'a kenbe tèt ak yo, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
8 Yo twonpe m tankou yon fanm k'ap twonpe mari l. Se poutèt sa m'ap fè peyi a tounen yon dezè. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol