Ezayi 15

Haitian Contemporary Version

1 Men sa Bondye di k'ap rive peyi Mowab: — Y'ap detwi lavil Ar-Mowab nan yon grenn nwit. Tout peyi Mowab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki-Mowab la! Apre sa, tout peyi a frèt!

2 Moun peyi Mowab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y'al kriye. Moun peyi Mowab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.

3 Nan tout lari, moun ap mache ak rad sak sou yo. Sou tout plas piblik, sou teras anwo tout kay, moun ap plenn. Dlo ap koule nan je yo tout.

4 Moun lavil Esbon ak moun lavil Eleale ap pouse rèl. Moun tande yo jouk lavil Jakaz. Ata sòlda lame Mowab yo ap tranble. Yo pèdi tout kouray yo.

5 Kè m ap fann pou peyi Mowab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan.

6 Larivyè Nimrim chèch. Tout zèb fin cheche. Fèy pyebwa yo fennen. Tout pyebwa mouri.

7 Tout moun ap janbe lòt bò Ravin Banbou avèk tou sa yo genyen ak tout pwovizyon yo.

8 Toupatou, sou fontyè peyi Mowab la, se rèl. Rèl yo rive jouk nan zòrèy moun lavil Eglayim ak moun lavil Berelim.

9 Lavil Dimon, dlo larivyè a wouj ak san! Men Bondye pare yon pi gwo malè pou lavil Dimon. Se la yon lyon pral touye dènye moun peyi Mowab ki te resi chape kò yo. Se la tout rès moun peyi Mowab yo pral mouri.

chevron_left Cap. 14 15 de 106 Cap. 16 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis