Ezayi 26

Haitian Contemporary Version

1 Jou sa a, pèp la va chante kantik sa a nan peyi Jida: — Kounyeya, nou gen yon lavil ki byen pwoteje! Bondye bati gwo miray ak ranpa pou l delivre nou.

2 Louvri pòtay lavil yo! Kite nasyon ki toujou kenbe pawòl li ak Bondye a, nasyon ki fè sa ki dwat devan Bondye a antre.

3 Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!

4 Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

5 Li fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba. L'a kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a, li demoli l nèt ratè.

6 Pòv yo ak malere yo ap foule l anba pye yo!

7 Senyè, ou fè chemen an dous pou moun k'ap mache dwat, ou louvri yon bèl chemen plat pou yo.

8 Nou vle fè volonte ou, nou konte sou ou. Se ou menm nou anvi wè! Se ou menm n'ap chonje tout tan!

9 Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide mwen ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.

10 Si yo fè mechan yo gras se pa sa k'ap fè yo konnen sa ki rele jistis. Menm nan peyi kote moun ap mache dwat, y'ap fè sa ki mal. Yo derefize rekonèt pouvwa Bondye!

11 Senyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.

12 Senyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l pou nou!

13 Senyè, Bondye nou an, gen lòt chèf ki t'ap dirije nou. Men, se ou menm sèl ki mèt nou, se ou menm sèl n'ap sèvi!

14 Sa ki mouri yo mouri nèt, lespri yo p'ap leve ankò. Paske, ou pini yo, ou disparèt yo. Ou fè pa gen moun k'ap chonje yo ankò.

15 Senyè, ou fè nasyon nou an vin pi plis. Ou fè l vin pi plis, ou laji fontyè peyi a. Sa fè moun wè jan ou gen pouvwa.

16 Senyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.

17 Senyè, nou t'ap rele nan pye ou, tankou yon fanm ansent ki prèt pou akouche, k'ap tòde, k'ap rele lè tranche a pran l.

18 Li nan lapenn, l'ap tòde anba doulè. Men, lè pou l akouche, li pa fè anyen. Konsa tou, nou te nan lapenn, men, peyi a pa rive sove. Moun ki pou rete nan peyi a pa rive fèt.

19 Se pou mò ou yo reviv! Se pou kadav yo resisite! Reveye nou non epi fè kè nou kontan, nou menm ki tounen pousyè deja! Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Senyè a pral fè mò li yo reviv ankò.

20 Ale non, pèp mwen an! Antre lakay nou! Fèmen tout pòt dèyè nou! Kache kò nou pou yon ti tan jouk lè kòlè Bondye a fin pase.

21 Senyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.

chevron_left Cap. 25 26 de 106 Cap. 27 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis