Ezayi 30

Haitian Contemporary Version

1 Men sa Senyè a di: — Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.

2 Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m konsèy. Y'al mande farawon an pou l pwoteje yo, y'al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.

3 Men, farawon an p'ap ka fè anyen pou nou. Pwoteksyon peyi Lejip la ap tounen yon wont pou nou.

4 Malgre delege yo gentan rive lavil Zoan ak lavil Anès,

5 pèp Jida a pral regrèt yo te met konfyans yo nan yon pèp ki pa ka fè anyen pou yo, yon nasyon ki pa ka ni ede yo ni pote yo sekou, yon nasyon k'ap fè yo wont, yon nasyon k'ap ba yo desepsyon.

6 Men mesaj Bondye bay sou bèt nan dezè Negèb yo: — Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote ki gen sèpan azèl. Yo chaje bourik yo ak chamo yo avèk kado pou yon nasyon ki pa ka fè anyen pou yo.

7 Paske konkou Lejip ap ba yo a se bri pay, li pa vo anyen. Se poutèt sa mwen bay peyi a yon vye non. Mwen rele li: Dragon mazora.

8 Senyè a di mwen: — Koulyeya, al ekri sa moun sa yo ye sou yon adwaz. Ekri li nan yon liv pou sa ka toujou sèvi m' temwen kont yo pou tout tan gen tan.

9 Yo toujou ap fè tèt di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute lòd Bondye, Senyè a.

10 Y'ap di moun k'ap fè vizyon yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.

11 Wete kò nou sou bon wout la! Fè sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

12 Se poutèt sa, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute avètisman m'ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k'ap fè mechanste, nan moun k'ap fè bagay sou kote. Se sou yo nou apiye.

13 Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l k'ap souke, ki gonfle prèt pou tonbe. N'ap rete konsa, n'ap tonbe anvan nou bat je nou.

14 N'ap tonbe fè miyèt moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.

15 Men, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, bay kè ou repo, se la delivrans ou ye. Kenbe tèt ou anplas, fè mwen konfyans, se la fòs ou ye. Men nou pa te vle.

16 Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!

17 Lè n'a wè yon sèl moun nan lènmi yo, mil nan nou pral kraze rak. Lè n'a wè senk menm, se nou tout k'ap kouri met deyò. Sèl bagay k'ap rete nan lame nou an, se va drapo n'a kite kanpe sou tèt ti mòn lan.

18 Men, Senyè a ap tann lè pou l fè nou gras. Li tou pare pou l gen pitye pou nou, paske Senyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.

19 Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l, l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou.

20 Bondye va fè nou manje kont mizè nou, l'a fè nou pase kont tray nou, men l'ap la pou l moutre nou sa pou l moutre nou an. N'ap wè l ak de grenn je nou, nou p'ap bezwen al chache l ankò.

21 Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!

22 N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Sòti devan je nou!

23 Lè n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l fè yo pouse. L'a fè tè a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou fòs. N'a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje.

24 Towo bèf ak bourik k'ap sèvi pou travay tè nou va jwenn bon manje pou yo manje, bon zèb sale y'a vannen epi y'a ranmase ak fouch mete nan depo.

25 Jou y'a kraze fò lènmi nou yo, jou y'a masakre tout lènmi nou yo, sous dlo pral pete nan tout gwo mòn, nan tout ti mòn koule desann.

26 Jou Senyè a pral mete renmèd sou kote ki te blese nan pèp la, jou l'ap geri tout kote pèp la te blese a, lalin pral klere tankou solèy, limyè solèy la menm pral sèt fwa pi klere, ou ta di limyè sèt jou mete ansanm. Wi, tou sa pral rive jou Senyè a.

27 Pouvwa Bondye a pral vin sòti byen lwen. Dife ak lafimen ap fè wè jan li move. L'ap fè kòlè, pawòl li yo tankou boukan dife nan raje.

28 Li fè van soufle, ou ta di yon ravin k'ap desann, dlo li rive rabò. L'ap boulvèse nasyon yo jouk li detwi yo, l'ap detounen tout move lide yo te gen nan tèt yo.

29 Men, nou menm pèp Bondye a, nou pral chante, nou pral fè fèt tankou nou fè l lavèy jou fèt nou. Nou pral kontan tankou moun k'ap jwe fif lè yo sou wout pou ale sou mòn Senyè a, Bondye k'ap defann pèp Izrayèl la.

30 Senyè a pral fè tout moun tande fòs vwa li, li pral fè yo santi fòs ponyèt li lè li move. Lè sa a, va gen flanm dife, van siklòn, gwo tanpèt, lapli ak tanpèt lagrèl.

31 Moun peyi Lasiri yo pral tranble lè y'a tande vwa Senyè a k'ap ba yo baton.

32 Chak fwa Senyè a va ba yo yon kout baton pou l pini yo, y'a tande son tanbou ak son gita k'ap jwe nan peyi Izrayèl. Se Senyè a menm ki pral goumen ak moun Lasiri yo.

33 Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l bwa. Senyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l.

chevron_left Cap. 29 30 de 106 Cap. 31 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis