Ezayi 39

Haitian Contemporary Version

1 Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad epi li refè. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.

2 Ezekyas tte kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès lajan, lò, epis, boutèy losyon, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo li yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.

3 Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l: — Kote mesye sa yo sòti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: — Yo sòti nan yon peyi byen lwen, yo sòti nan peyi Babilòn.

4 Ezayi di l konsa: — Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn li: — Yo wè tou sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m yo.

5 Ezayi di wa Ezekyas konsa: — Koute mesay Senyè ki gen tout pouvwa a voye ba ou:

6 Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Senyè a menm ki di sa.

7 Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.

8 Ezekyas reponn Ezayi, li di l konsa: — Mesay Bondye ba ou pou di m lan gentan bon. Men li t'ap di nan kè l: Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!

chevron_left Cap. 38 39 de 106 Cap. 40 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis