Ezayi 64

Haitian Contemporary Version

1 Si ou te ka fann syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble.

2 Yo tta fini tankou bwa anba dife, tankou dlo k'ap bouyi. Lènmi ou yo ta konnen ki moun ou ye. Wi, tout nasyon yo ta pran tranble devan ou!

3 Yon lè, ou te desann, ou te fè yon bann bagay nou pa t'ap tann, bagay ki fè moun pè: mòn yo te wè sa, yo te pran tranble.

4 Pèsonn pa janm wè ni yo pa janm tande yon Bondye tankou ou ki ka fè tou sa pou moun ki met espwa yo nan li.

5 Men, ou louvri bra ou pou ou resevwa moun ki te kontan mache dwat devan ou yo, moun ki te mache nan chemen ou mete devan yo epi ki pa janm bliye ou yo. Men, ou te move dèske nou pat sispann fè sa ki mal. Sa lakòz n'ap soufri jouk jou w'a vin delivre nou.

6 Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.

7 Pèsonn pa lapriyè ou ankò! Pèsonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.

8 Men, Senyè, se ou ki papa nou. Se tè ajil pou fè krich nou ye. Se ou menm ki ban nou fòm. Se ou menm ki fè nou ak men ou.

9 Tanpri, Senyè, pa fache tout fache sa a ak nou ankò. Pa gade sou krim nou yo. Se pèp pa ou la menm nou ye. Tanpri, pitye pou nou!

10 Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.

11 Tanp nou an, bèl kay yo te mete apa pou ou a, kay kote tout zansèt nou yo t'ap fè lwanj ou a, dife fin boule sa. Tout bèl kote nou te renmen yo fin kraze.

12 Senyè, tou sa pa di ou anyen? Ou p'ap fè anyen pou nou? Ou pral kite nou soufri jouk nou p'ap kapab ankò?

chevron_left Cap. 63 64 de 106 Cap. 65 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis