Ezayi 65
Haitian Contemporary Version
1 Senyè a te di: — Mwen te tou pare pou m te reponn lapriyè pèp mwen an, menm lè yo pat lapriyè m. Mwen te toupre yo, menm lè yo pat chache m. Pèp la pa lapriyè nan pye m, atout mwen te toujou pare pou m di yo: Men mwen! Men mwen!
2 Chak jou mwen t'ap lonje men m bay yon pèp ki t'ap kenbe tèt ak mwen, ki t'ap fè sa ki mal, ki t'ap fè sa yo pito.
3 Nan figi m konsa, yo t'ap plede fè bagay pou fè m fache. Yo ofri bèt pou touye pou zidòl nan jaden yo, yo boule lansan sou lotèl zidòl yo.
4 Yo pase nwit yo nan simityè ak nan twou wòch ap fè sèvis pou mò. Y'ap manje kochon ak lòt manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.
5 Apre sa, yonn di lòt: Pa pwoche m. Pa manyen m, paske yo mete m apa pou Bondye! Non, mwen pa ka sipòte sa y'ap fè a. Sa fè m move, kòlè mwen tankou yon dife ki p'ap janm mouri.
6 Senyè a te di: Men desizyon mwen fin pran nan kè m: Mwen p'ap bay kò m kanpo toutotan mwen pa pini yo, toutan mwen pa regle yo
7 pou peche yo ak pou peche zansèt yo. Yo te boule lansan pou zidòl sou mòn yo, yo t'ap derespekte m sou ti bit mòn yo. Se poutèt sa m'ap regle ak yo jan yo merite l la.
8 Men sa Senyè a te di ankò: — Pèsonn pa janm voye yon bon grap rezen jete. Okontrè, li sere l pou fè diven ak li. Konsa tou, mwen p'ap detwi tout pèp la, m'ap sove moun k'ap sèvi m yo.
9 Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m yo va rete.
10 Plenn Sawon pral tounen savann pou ti zannimo. Plenn Akò ap sèvi pou lòt gwo zannimo yo.
11 Men pou nou menm ki vire do bay Senyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,
12 m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pat reponn. Mwen pale nou, nou pat koute m. Nou fè sa ki mal devan je m, nou pito fè sa ki p'ap fè m plezi.
13 Se poutet sa, men sa Senyè a di: — Sèvitè mwen yo va jwenn kont manje yo. Men nou menm, n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm, n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan, men nou menm, n'a wont.
14 Sèvitè m yo va fè fèt tèlman y'a kontan, men nou menm n'a plenn, n'a gen kè sere, n'a rele, kè nou va kase.
15 Moun mwen chwazi yo va pran non nou sèvi jouman. Mwen menm Senyè a, m'a fè nou mouri. Y'a di: Se pou Senyè a touye ou tankou li touye moun sa yo! Men m'a bay sèvitè m' yo yon bon repitasyon.
16 Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.
17 Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pèsonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.
18 Sa m'pral fè a ap bay kè kontan. Moun ap fete san rete. Mwen pral fè yon lòt Jerizalèm kote tout moun pral fè fèt. Moun li yo pral kontan.
19 Mwen menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò!
20 Timoun p'ap mouri tou piti ankò! Granmoun ap fè tout tan yo! Pi bonnè pou yo mouri se va sou santan. Moun ki va rive gen santan anvan yo mouri, y'a mouri jenn! Moun ki va mouri anvan yo rive gen santan, se moun ki va gen madichon!
21 Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen.
22 Yo p'ap bati kay ankò pou se lòt moun ki pou rete ladan yo. Yo p'ap plante jaden ankò pou se lòt moun ki pou manje l. Pèp mwen an ap viv rive gen menm laj ak pyebwa. Pèp mwen chwazi a va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo.
23 Yo p'ap kraze kò yo travay pou bontan ankò! Travay yo va rapòte yo! Pitit yo p'ap konn sa ki rele malè ankò! M'ap beni yo ansanm ak pitit yo jouk sa kaba.
24 Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gentan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gentan ba yo sa yo mande a.
25 Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pèsonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Senyè a menm ki di sa!
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol