Ezayi 2

Haitian Contemporary Version

1 Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòt, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm:

2 Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a, l'a pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun ap soti tout peyi vin Jerizalèm.

3 Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: — Ann ale sou mòn Senyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Senyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.

4 L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.

5 Kounyeya, nou menm moun fanmi Jakòb yo, annou mache nan limyè Senyè a ban nou an.

6 Bondye, Ou lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo! Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, moun k'ap li zetwal. Peyi a tounen tankou peyi Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo.

7 Peyi a plen lò ak lajan. Richès peyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen.

8 Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.

9 Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Senyè!

10 Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Senyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Senyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè.

11 Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Senyè a va sèl chèf.

12 Wi, jou sa a, se va jou Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.

13 L'ap detwi tout gwobwa peyi Liban an, tout gwo potanta peyi Bazan an.

14 L'ap kraze tèt gwo mòn kou ti mòn. L'ap fè yo tout vin menm wotè.

15 L'ap kraze tout fò yo ak tout miray ranpa yo.

16 L'ap koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y'ap fè fon ak tout bèl bagay yo.

17 P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Senyè a va sèl chèf.

18 Tout zidòl pral disparèt nèt ale.

18 Tout zidòl pral disparèt nèt ale.

19 Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Senyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Senyè a va leve pou l fè tè a tranble.

20 Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè ak lajan, ak lò pou adore yo, y'a voye yo jete bay rat ak chòchòt.

21 Lè Senyè a va vini pou l fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Senyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè.

22 Pa mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò?

chevron_left Cap. 1 2 de 106 Cap. 3 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis