Ezayi 18
Haitian Contemporary Version
1 Lòt bò larivyè peyi Letyopi yo, gen yon peyi kote yo tande yon bri tankou bri zèl yon bann krikèt.

2 Mesaje ap sòti nan peyi sa a, y'ap desann larivyè Nil lan nan pipirit fèt ak wozo. Nou menm mesaje yo, mete zèl nan pye nou. Tounen lakay nou. Pote nouvèl la bay moun peyi nou an. Se yon gwo peyi ki fò anpil, ki gen anpil larivyè k'ap koule ladan l. Al pote nouvèl la bay moun bèl wotè yo, ki gen po yo boule nan solèy. Se yon pèp tout moun pè.

3 Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an.

4 Senyè a di m konsa: M'ap rete rete m kote m ye nan syèl la, m'ap gade anba san m pa fè okenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt.

5 Paske, menm jan anvan rekòt rezen yo, lè yo fin fleri, lè rezen yo pral mi, yo debranche yo ak kouto, yo wete tout ti branch yo, yo ba yo lè, se konsa lènmi yo pral detwi moun peyi Letyopi yo.

6 Yo pral kite kadav sòlda yo konsa pou zwazo ki manje vyann epi ki rete nan mòn ak pou bèt nan bwa. Nan sezon chalè, zwazo va vin manje yo. Nan sezon fredi, se bèt nan bwa ki va vin manje yo.

7 Lè sa a, bann moun bèl wotè ki gen po yo boule nan solèy, pèp tout moun pè a, moun ki rete nan gwo peyi ki gen fò anpil la, yo menm ki rete nan peyi ki nan tèt dlo larivyè Nil lan, y'a pote kado bay Senyè ki gen tout pouvwa a. Y'a vin jouk sou mòn Siyon an kote moun fè sèvis pou Senyè ki gen tout pouvwa a.

English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol