Ezayi 52

Haitian Contemporary Version

1 Leve non, mòn Siyon an! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa gen mak kontra Bondye a sou yo, ki pa nan kondisyon, yo p'ap janm mete pye lakay ou ankò.

2 Ou menm lavil Jerizalèm ki nan prizon, souke pousyè ki sou ou, leve atè a, chita sou fòtèy ou! Wete chenn yo te pase nan kou ou yo, ou menm mòn Siyon ki te nan prizon!

3 Men sa Senyè a di pèp li a. — Yo pa te bay lajan pou achte nou lè nou te esklav. Yo p'ap bay lajan nonplis pou yo delivre nou lè y'ap lage nou.

4 Men sa Senyè a, Bondye a, di: — Nan tan lontan, pèp mwen an te desann al rete nan peyi Lejip. Apre sa, Lasiri fè yo pase kont mizè yo pou anyen.

5 Kounyeya, sa pou m fè la a? Se Senyè a menm k'ap di sa. Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen. Moun k'ap kraze yo a ap pale fò, y'ap fè grandizè. Se Senyè a menm ki di sa. Epi tout lajounen, san rete y'ap trennen non m nan labou.

6 Men jou sa a, pèp mwen an va konnen kijan yo rele mwen. Y'a konnen se mwen menm menm ki di: Men mwen!

7 Ala bèl sa bèl lè ou wè l'ap parèt sou mòn yo mesaje k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!

8 Faksyonè ou yo ap rele. Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Senyè a k'ap tounen sou mòn Siyon an!

9 Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Senyè a bay pèp li a kouray ankò, li delivre lavil Jerizalèm.

10 Senyè a fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la. Toupatou sou latè, yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a.

11 Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Senyè a.

12 Fwa sa a, nou pa bezwen prese kouri ale. Nou p'ap fè tankou moun k'ap kouri chape poul yo. Paske Senyè a, Bondye nou an, ap pran devan nou. Se li menm tou, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap mache dèyè pou pwoteje nou.

13 Senyè a di: — Men sèvitè mwen an. Tout sa li va fè va mache byen. L'a pran grad. Moun va konsidere li anpil. Y'a ba li lwanj.

14 Menm jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l, sitèlman li te defigire, sitèlman figi l pat sanble menm ak figi moun,

15 konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi. Paske y'a wè bagay moun pat janm rakonte yo anvan sa, y'a konprann bagay yo pat janm tande anvan.

chevron_left Cap. 51 52 de 106 Cap. 53 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis