Ezayi 49

Haitian Contemporary Version

1 Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m'ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m fèt, Senyè a chwazi m! Depi nan vant manman m, li rele m pou m sèvi l.

2 Li sèvi ak bouch mwen tankou yon ponya pwenti. Li kache byen kache nan plamen li. Li pare mwen tankou yon nepe byen file, li sere nan sak li.

3 Li di m: Izrayèl, se sèvitè m ou ye! W'ap sèvi yon lwanj pou mwen!

4 Mwen menm, mwen t'ap di nan kè mwen: Se pou dan ri m'ap fatige kò mwen. Se pou gremesi m'ap travay jouk m'bouke. Men, m'ap toujou gen konfyans: Senyè a va ban m rezon. Rekonpans mwen la byen sere nan men Senyè a.

5 Se Senyè a menm ki chwazi m depi m fèt pou m sèvi l, pou m fè fanmi Jakòb la tounen vin jwenn li, pou m sanble pèp Izrayèl la mennen ba li. Senyè a ban m bèl pozisyon sa a. Se li ki tout fòs mwen.

6 Senyè a di m konsa: Wi, sèvitè m lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!

7 Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Senyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: W'a va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Senyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.

8 Men sa Senyè a di pèp li a: — Lè lè a va rive pou m fè ou gras, m'a reponn ou. Lè jou a va rive pou m delivre ou, m'a pote ou sekou. Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo. M'a fè peyi a kanpe ankò. N'a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a.

9 M'a di prizonye yo al lakay nou! M'a di moun ki te chita nan fènwa yo: Sòti vin nan limyè a. Sou tout wout yo, y'a jwenn manje pou yo manje. Tankou mouton, y'a jwenn manje sou tout ti mòn.

10 Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf. Chalè solèy ak van dezè p'ap fè yo anyen. Paske se moun ki renmen yo a k'ap kondi yo. L'a mennen yo kote dlo a koule pi fre a.

11 M'a louvri yon bèl chemen nan mòn yo. M'a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.

12 Gen ladan yo k'ap sòti byen lwen. Gen sa k'ap sòti nan nò. Gen sa k'ap sòti bò solèy kouche. Gen lòt k'ap sòti lavil Sinim nan sid.

13 Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Senyè a pral bay pèp li a kouray, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.

14 Men, pèp lavil Jerizalèm lan t'ap di: — Senyè a lage nou. Mèt la bliye nou.

15 Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!

16 Non nou tanpe nan plamen mwen. Nou pa janm soti nan lespri mwen.

17 Men moun yo ki pral rebati lavil la ap vini! Moun yo ki t'ap kraze nou yo, ki t'ap piye nou yo, y'ap met deyò.

18 Senyè a di: - Voye je nou toupatou, gade sa k'ap pase. Tout moun nou yo ap rasanble, y'ap vin jwenn nou. Mwen sèmante sou vi m': Nou pral kontan wè yo lakay nou, Se va tankou lamarye kontan lè bèl rad nòs li sou li. Se Senyè a menm ki di sa.

19 Peyi nou an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, kounyeya li pral twò piti pou kantite moun k'ap rete ladan l. Paske moun ki t'ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen nou.

20 Yon lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo, n'a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y'a di nou: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.

21 Lè sa a, n'a di nan kè nou! — Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou? Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pat kapab fè pitit ankò. Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou. Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou? Nou te pou kò nou. Kote yo sòti menm?

22 Men sa Senyè a, Bondye a, di ankò: M'ap fè nasyon yo siyon ak men m. M'ap leve drapo m pou m avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k'ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.

23 Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y'ap ajenou devan nou, y'ap bese tèt yo jouk atè, Y'a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p'ap janm wont.

24 Eske ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè? Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf?

25 Men sa Senyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.

26 Moun k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt. Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Senyè a, k'ap sove nou. Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.

chevron_left Cap. 48 49 de 106 Cap. 50 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis