Ezayi 3

Haitian Contemporary Version

1 Wi. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pral koupe viv tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. P'ap gen pen, p'ap gen dlo.

2 P'ap gen vanyan gason ankò ni sòlda. P'ap gen jij ankò ni pwofèt. P'ap gen divinò ankò ni grandèt.

3 P'ap gen kaptenn, p'ap gen majistra ni moun ki pou bay konsèy. P'ap gen moun ki konn fè maji, ni moun ki konn moute batri.

4 M'ap pran jenn timoun san esperyans, m'a mete yo chèf pou gouvènen.

5 Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p'ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz.

6 Yon lè menm, tout yon branch fanmi va chwazi yonn nan mitan yo. Y'a di l konsa: Ou menm ki gen rad pou ou mete sou ou, n'ap mete ou chèf pou ou ka dirije nou nan move pa n'ap pase kounyeya.

7 Men moun yo chwazi a va reponn: Lamarim pa metye mwen, m'pa ka fè anyen pou nou! Lakay fè nwè. Pa gen manje, pa gen rad. Pa mete m' chèf sou pèp la.

8 Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Senyè a vle. Devan tout moun y'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.

9 Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa, malè ap tonbe sou yo. Se yo menm k'ap rale li sou tèt yo.

10 Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.

11 Men, podyab mechan yo, ala va traka! Anyen p'ap regle pou yo. Y'a rekòlte sa yo te plante.

12 Sa fè lapenn pou pèp mwen an! Chèf k'ap dirije yo a ap aji kou timoun. Se fanm kapris k'ap kòmande li. Pèp mwen! Dirijan nou yo ap lage nou nan twou. Yo bouche je nou pou nou pa wè chemen nou.

13 Senyè a kanpe pou l denonse sa yo fè a. Li pare pou l jije pèp li a.

14 Men Senyè a rele chèf fanmi yo ak lòt chèf yo nan tribinal. Men sa li di yo: - Se nou menm ki fin piye pèp mwen an. Nou vòlò pòv malere yo pou nou plen kay nou.

15 Ki moun ki ban nou dwa kraze pèp mwen an konsa? Ki moun ki ban nou dwa pilonnen diyite pi piti yo? Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap mande nou rann mwen kont.

16 Senyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pèsonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou brasle nan pye yo ka sonnen.

17 Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo. M'ap dezabiye yo lage yo toutouni.

18 Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: brasle yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo,

19 zanno, brasle yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo,

20 mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo,

21 bag yo, zanno pou nen yo,

21 bag yo, zanno pou nen yo,

22 bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo,

23 glas yo, rad twal fen yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo.

24 Yo p'ap gen lodè pafen sou yo ankò. Y'ap santi fò. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak vye frany kòd. Yo p'ap gen cheve pou fè bèl kwafi, tèt yo ap kale blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan twal sak. Nan plas bote, y'a gen vye mak lèdè nan tout figi yo.

25 Tout mesye yo pral mouri nan lagè. Tout sòlda yo pral mouri nan batay.

26 Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita tris atè akoz li pèdi tou sa li genyen.

chevron_left Cap. 2 3 de 106 Cap. 4 chevron_right
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar resaltados, marcadores y notas

Regístrate Gratis