MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Sòm Chapit 29

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
2 Fè lwanj non Senyè ki gen pouvwa a! Adore Senyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
3 Senyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loray yo gwonde. Senyè a ap mache sou tout lanmè a.
4 Vwa Senyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l!
5 Vwa Senyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
6 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
7 Vwa Senyè a fè zèklè.
8 Vwa Senyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
9 Vwa Senyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan Tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
10 Senyè a te chita sou fòtèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
11 Senyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.

Refere pa 17

Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove vèsè yo

Enskri