Sòm Chapit 4
Haitian Contemporary Version
1
(2) Lè m rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m jistis! Lè m te nan tèt chaje, ou te vin ede m. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
2
(3) Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!
3
(4) Pa bliye, se Senyè a ki chwazi m pou moun pa li. Senyè a tande m lè mwen rele l.
4
(5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.
5
(6) Ofri bèt Senyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li!
6
(7) Gen anpil moun k'ap di: — Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Senyè, fè nou santi ou la avèk nou!
7
(8) Kontantman ou mete nan kè m pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.
8
(9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m kouche, dòmi pran m. Senyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m.
Refere pa 8
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol