Sòm Chapit 6
Haitian Contemporary Version
1
(2) Senyè, pa pini mwen non lè ou fache! Pa kale mwen lè ou ankòlè!
2
(3) Gen pitye pou mwen, Senyè, paske mwen santi m san fòs. Geri mwen, Senyè, paske m'ap deperi.
3
(4) Lespri m boulvèse anpil, Senyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
4
(5) Tounen vin delivre m non, Senyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m mouri.
5
(6) Paske, lè yon moun mouri li pa ka chonje ou ankò. Pèsonn p'ap fè lwanj ou kote mò yo ye a.
6
(7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs je m kouri dlo.
7
(8) Figi m fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m yo.
8
(9) Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Senyè a tande lè m'ap kriye.
9
(10) Li tande m lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.
10
(11) Tout lènmi m yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.
Refere pa 18
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol